Selon ankèt 2009 yo IHSI te reyalize, yo fè konnen Mibalè genyen anviwon 100 000 abitan epi Sodo anviwon 50 000 majorite moun yo konsantre nan Sant vil la. Ak tranblemanntè 12 janvye 2010 yo ki koz anpil moun vin abite Mibalè ak Sodo, evolisyon ensekirite yo ka fè chif yo menm triple suit evèman yo plis 15 lane aprè.
Selon obsèvasyon yo pandan atak bandi yo, 2 vil yo prèske blanch. Nou ka pale de 98% popilasyon vil sa yo deplase alòske otorite prezante Bilan pasyèl atak bandi ame Mibalè Sodo :
Popilasyon sivil genyen 15 mò anviwon Gang ame genyen 60 anviwon
genyen 5 gang ki pran bwa kale popilasyon sivil la genyen 20 blese anviwon pami yo 2 polisye genyen 12 kay ki ensandye anviwon
Genyen 20 machin ki ensandye anviwon.
Se sa DDC Delin BOYER, OIM, Proteksyon sivil di madi 8 Avril 2025 lan. Divès sitwayen nan kòmantè yo pa sispann kritike otorite ki sanble rete nan yon chanm kay san pran ankont reyalite yo epi avanse chif san sezi reyalite tèren an.
Direktè lapolis di yo touye yon 60tèn bandi san presize konbyen zam ki rekipere, san di konbyen zòn yo rekipere. Pwoteksyon sivil ak OIM delege depatmantal avanse yo sanble tèt koupe ak yon fòm irespè ak kanalizasyon diyite moun.
Ansyen Senatè Depatman Sant lan, Simon Dieuseul Desras deklare Direktè depatmantal polis Delin Boyer, Direktè polis Mibalè Mathias Jean David se chita yo chita nan yon otèl benyen nan pisin ap manje, bwè tafya epi beyen nan pisin Mibalè pandan popilasyon an ap mouri anba bal bandi. Sa ki nan raje gen problèm manje, dlo medikaman ak kote pou yo dòmi.
Fas ak enpuisans otorite yo, fason fanm ansent, timoun, vyeya ak soufri anba lapli anba raje kote grangou kòmanse touye yo, chèf gang Jeff Kanaran deklare depi gen 20 moun Mibalè ki mande li padon epi kritike brigad la, l ap pèmèt moun Mibalè retounen lakay yo. Sa pa t pran twòp tan pou jwez Merchie Daelle Dumornay te ekri yon lèt pou mande kanpe vyolans yo sou popilasyon an. Bò kote pa li, enfliyansè Janm Sot Ba ki se yon ansyen jwè AS-Mibalè, ki di li se yon milyonè te pran responsabilite pou mande Viv Ansanm chans pou moun Mibalè ak Sodo retounen lakay yo. Li mande pou bandi viv ansanm yo fè tout sòlda yo retounen nan baz yo nan lwès e si yo pa fè sa, li p ap janm pale de yo ankò. Li di moun Mibalè se moun ki renmen moun, ki ankouraje valè.
Fragile Florince, Centre à la UNE