Pou konbat ensekirite a ak plis efikasite, fòs lòd yo fè itilizasyon dwòn kamikaz pou kounye a
Katye Vilaj de Dye ki se basyon chèf gang baz 5 Segond lan, Johnson André « Izo », te sib yon lòt atak ofansif ayè dimanch 25 me 2025 la, kote divès medya pibliye dwón kamikaz yo komèt anpil dega materyèl ak imen, san okenn presizyon klè e presi.
Selon kèk medya, yon machin ki te pote chèf gang Izo ta resevwa divès frap anba dwòn kamikaz yo, poutan, jiska lendi 26 me a lapolis, ni okenn otorite, pa t janm kominike pou di kisa ki ta rive chèf gang nan.
Pi lwen, divès sòlda nan gang 5 Segond lan pèdi lavi yo oubyen rive blese trè grav pandan atak la, epi anpil kay kraze oubyen boule, se sa medya yo di.
De (2) jou avan sa, pandan yon operasyon ki sanble ak sa a, chèf gang Tòsèl la, Vitelhomme Innocent, te chape anba lanmò dwòn kamikaz yo, toujou selon sa medya lokal yo rapòte. Plizyè nan enstalasyon li yo kraze oubyen boule, lapolis ta menm rive penetre lakay chèf gang nan selon sa lapolis deklare ak sa yon videyo moutre sou rezo sosyal yo.
Depi plizyè mwa gouvènman an ki gen nan tèt li premye minis Alix Didier Fils-Aimé, antre nan sekirite peyi Ayiti itilizasyon dwòn kamikaz, nan sousi pou pèmèt operasyon yo fèt avèk plis efikasite nan fyèf gang yo.
Se pandan, konsta yo klè. Aprè yo fin itilize anviwon yon 50èm dwòn kamikaz sou plizyè baz gang nan kapital peyi a Pòtoprens, pèp Ayisyen an ak rès mond lan pa ko janm tande konbyen chèf gang ki mouri, konbyen baz gang ki kraze, ni konbyen teritwa itilizasyon dwòn sa yo pèmèt fòs lòd yo rekipere.
Pa egzanp, yon ti videyo ki viral sou entènèt la montre yon dwòn kamikaz ki tonbe sou kèk bandi, genyen plizyè ladan yo ki pa mouri. Sitiyasyon sa a pouse sitwayen yo kesyone anpil sou efikasite dwòn sa yo. Gen lòt ki ale pi lwen pou di li parèt se nan yon lòt konplo Ayiti pran ak dosye dwòn kamikaz la.
Lòt kesyon anpil sitwayen ap poze, se a ki fen dwòn kamikaz sa yo antre nan sekirite peyi a si jiska dat yo pa ko bay okenn rezilta ?
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE