Finalite tout sistèm edikatif se pèmèt endividi (aprenan) yo konprann reyalite sosyal, ekonomik ak kiltirèl ke y ap evolye a, pou yo kapab vini yon sitwayen konsekan epi pwopoze solisyon ak pwoblèm sosyete a, ap fè fas pandan yap eksplwate opòtinite ki nan anviwonnman yo. Poutan depi plizyè deseni sistèm edikatif Ayisyen pat janm reyèlman mize sou nesesite pou te fòme sitwayen yo nan sans sila.

Depi kèk lane deba pou sistèm edikatif la vinn pi efikas epi reponn ak yon ansanm priyorite ki pa sispann ajite anndan sosyete a, sa ki lakòz MENFP ( Ministè edikasyon ak fòmasyon pwofesyonel) deside ajoute 4 nouvo matyè nan pwogwam eskolè a tankou ; « EEA(edikasyon estetik e atistik), EC(edikasyon sitwayen), ETAP(edikasyon teknolojik ak aktivite pwodiktiv) ak EPS (edikasyon fizik ak spòtiv) » sepandan nan atik sila nap atire atansyon nou sou ETAP, ki se yon nouvo matyè ki genyen kontni entèresan ak itil pou kominote a.

ETAP, ( éducation à la technologie et aux activités productives) yon kou ki gen pou objektif ; premyèman prepare elèv (aprenan) yo, pou yo evolye nan yon mond kote teknoloji a gen gwo enpak sou lavi moun, dezyèmman pèmèt aprenan yo, gen abilite pou eksplwate opòtinite ki ekziste nan peyi a. Kidonk pwogwam sila ensiste sou yon ansanm metye ki gen rapò ak agrikilti, antrepranarya elatriye. Si lontan prejije sosyal konn fè wè moun kap pratike metye manyèl tankou moun ki pa reyèlman reyisi lavi yo. Pa konsekan nouvo pwogram sa enskri l nan yon demach pou pèmèt eradikasyon vye pèsepsyon sa ki detwi plizyè jenerasyon, epi ofri yon lòt altènativ ak aprenan yo pandan yap dekonstwi mit danjere sa, yon fason pou ede valorize metye manyèl. Matyè sila ap pèmèt sitwayen kontribye nan avansman peyi yo. Matyè ETAP la priorize 5 tematik ki se: nouvèl teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon,metye agrikòl ki ka jenere revni ; metye lanmè ki ka jenere revni ; metye resiklaj ak enèji renouvlab epi antrepranarya. E nan chak klas gen yon ansanm priyorite ki pèmèt aprenan yo asimile kontni yo non sèlman nan tewori men tou nan bon seyans pratik ki ta dwe deja mete yo an kontak avèk reyalite sosyo-ekonomik la.

Pèsepsyon popilè an defini reyisit tankou chita dèyè yon biwo epi resevwa yon salè chak mwa souvan ki pa menm ka reponn ak bezwen preliminè yo, paralèlman diferan rapò divès òganism demontre aklè degre ak enpak chomaj la sou lavi moun kap viv nan peyi a, kidonk reyalite an tabli yon evidans kote li plis ke yon nesesite pou aprann jèn/aprenan yo, priyorite pou yo kreyatif epi eksplwate opòtinite ki ekziste nan anviwonnman imedya yo, pandan nap ankouraje ak pwomouvwa antrepranarya tankou you n nan altènativ pètinan pou pèmèt aprenan yo reyisi lavi yo nan diyite epi itil peyi yo.

Notebyen ; nou tabli limyè sou pètinans pwogram ETAP, la nan lespwa ke Leta, a travè MENFP rive mete mwayen disponib pou pèmèt objektif matyè sila reyalize nan edikasyon nasyonal la, yon fason pou pèmèt emèjans aprenan yo.

Zacharie Brutal, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841