Studebaker yon konpayi sekirite Ameriken ansyen premye minis Garry Conille te siyen yon kontra 150 000 dola ameriken chak mwa ak yo te rantre Ayiti nan mwa septanm 2024 pou te vin batay kont gang yo pandan y ap fòme polisye ayisyen, fè yon vye eksperyans nan yon misyon san siksè ak disparisyon spektakilè yon sòlda ak 2 lòt moun selon sa nou li nan yon atik New York Times pibliye semèn sa’a.
Konpayi « Studebaker defense » genyen ansyen kòmandan siprèm fòs alye OTAN retrete lame amerikèn Wesley K. Clark ap dirije te gen misyon pou ede lapolis netralize gang yo Ayiti, malerezman pèdi Milot Patrice Jacquet ki se yon ayisyen-ameriken retrete lame amerikèn etou ki se direktè adjwen yon otèl Ayiti ki te responsab pou jere lojistik konpayi ak yon kouzen li ki disparèt nan misyon an. Anplis desa genyen yon kantite zam AR-15 disparèt egalman.
Selon yon sous polisyè jounal ameriken an te pale rapòte disparisyon sila yo mete sispisyon sou yon gwoup polisye kowonpi ki nan PNH la.
Polisye Steeve Duroseau ki se kouzen Jacquet konpayi Studebaker te angaje nan misyon an kidnape depi 7 mwa jiska jodi a 5 Out 2025, yo poko janm genyen nouvèl yo. San site non, jounal la fè konnen li te pale ak yon wo plase nan gouvènman Ayisyen fè yo konnen disparisyon Jacquet ak kouzen li a plis zam ki pèdi yo lye direkteman ak wo grade nan PNH la ki genyen konivans ak gang akoz yon operasyon Studebaker te sipèvize kote polisye yo te dwe kaptire chèf teyoris Vitelhomme Innocent, yo te sanse prèske kaptire men polisye ki te nan misyon yo te ezite pran chèf gang nan, Studebaker te temwen e se aprè moun sa yo Studebaker te angaje ta pral disparèt.
Selon yon kominike Studebaker pibliye, yo revele yo te genyen anviwon yon dizèn (10) sòlda Ayiti pou bay yon fòmasyon wo nivo ak polisye espesyalize yo Ayiti men malerezman yo te jwenn anpil rezistans. Selon sa twa (3) anplwaye konpayi a rapòte ak New York Times, te genyen menm gad nan palè nasyonal Ayiti te tante tire sou yo.
Toujou selon komike konpayi mèsenè ameriken an pibliye, yo te gentan fòme yon kontenjan polisye Ayisyen epi mennen operasyon ak yo fè ke yo te reyisi sezi zam, minisyon ak inifòm polis ki te nan men bandi. Mwens 2 mwa kote yo te entansifye operasyon yo pou netralize kèk chèf gang yo pral resevwa lòd de Leta Ayisyen pou yo kanpe operasyon yo. Sa konpayi an di yo vrèman regrèt.
Konsènan zam yo ki pèdi yo, responsab konpayi an fè konnen direktè jeneral polis la te notifye de espas kote depo zam yo te ye. Lè jounal ameriken an te te kontakte DG a sou dosye sila li te reponn trè kout pou li di y ap mennen ankèt sou zam yo ki pèdi yo. Direktè Studebaker a fè konnen zam sa yo ki pèdi a se AR-15 ki evalye ak 72 000 dola ameriken sou mache Ayisyen an.
Selon yon rapò Nasyonzini te pibliye revele genyen 1000 zam yo vòlè nan 4 dènye ane sa yo selon envantè polis nasyonal la.
N ap raple konpayi mèsenè Studebaker te kite Ayiti 21 novanm 2024, echwe nan misyon li te genyen Ayiti pou chase gang yo. E se youn nan dosye ki fè konsèy prezidansyèl tranzisyon an ta pral revoke premye minis Garry Conille paske li te fè mèsenè yo rantre san apwobasyon KPT a.
Leta Ayisyen deja angaje Blackwater, yon lòt konpayi mèsenè Ameriken pou batay kont gang yo. Èske Erick Prince pral reyisi kote Studebaker te echwe?