Nan yon Nòt pou Laprès Kolektif Defansè Plis pibliye madi 21 avril 2026 la, li fè konnen li kwè li ijan pou genyen yon koperasyon solid nan nivo sekirite a. Defansè Plis lanse yon apèl solanèl bay kominote entènasyonal la pou li akonpaye Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak Fòs Lame d Ayiti (FAD’H) atravè estrikti Fòs Represyon Gang yo (FRG), daprè sa nou li nan Nòt pou Laprès la.
Kolektif la presize li esansyèl pou sipò sa a fèt nan yon kad estratejik ki vize demanmbre rezo kriminèl yo tout bon vre, pandan l ap mande pou tout aktè ki enplike sa yo mete respè dwa moun ak pwoteksyon lavi sivil nan sant tout entèvansyon yo. Defansè Plis siyale kominote entènasyonal la dwe pote yon sipò teknik ak lojistik ki pèmèt fòs lòd nou yo efikas san yo pa vyole dwa fondamantal sitwayen yo.
Nan sans sa a, Kolektif ki Defann Dwa Moun yo mande san pèdi tan:
● Yon entèvansyon efikas ak kowòdone pou retabli lòd ak sekirite nan zòn ki afekte yo;
● Yon pwoteksyon imedya pou popilasyon sivil la ki anba menas dirèk gwoup ame yo;
● Yon asistans imanitè rapid pou tout moun ki deplase kite kay yo akoz vyolans yo;
● Yon repons jidisyè kredib pou idantifye, arete epi jije otè ak konplis zak kriminèl sa yo.
Kolektif Defansè Plis ki denonse epi kondane ak tout fòs li nouvo vag vyolans ki eklate nan zòn Plenn Kildesak la pandan wikenn lan fè konnen, daprè Nòt la, batay nan mitan gang ame yo deja lakòz plizyè moun pèdi lavi yo, pandan anpil lòt oblije kouri kite lakay yo anba gwo laperèz, malgre anpil nan yo pa gen okenn lòt kote pou yo ale. Toujou daprè Nòt pou Laprès la, Kolektif la di sitiyasyon tèt chaje sa a vin agrave kriz imanitè a epi ogmante kantite moun ki deplase anndan peyi a. Moun sa yo al ogmante lis sila yo k ap viv nan kondisyon ki pa apwopriye epi ki depaman ak tout prensip diyite moun, daprè sa nou li nan Nòt la.
Kolektif Defansè Plis raple dwa pou moun viv ak sekirite pa yon favè; men pito se yon obligasyon legal ak konstitisyonèl Leta genyen anvè popilasyon an. Li pwofite pou avèti chak fwa Leta rete bwa kwaze san li pa aji, sa pèmèt vyolans yo parèt kòm bagay nòmal. Jiskilè enpinite ap fini an Ayiti ? Lè nou konnen enpinite reprezante yon gwo menas pou estabilite sosyal ak respè dwa moun nan peyi a.
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE