Ayiti ap viv yon moman istorik nan mond foutbòl la. Jwèz ayisyèn Melchie Dumornay fèk make non li an lèt dò nan listwa espò mondyal la apre li fin eli, lendi 11 me 2026 kòm pi bon jwèz Ligue 1 an Frans. Avèk rekonesans sa a, li vin premye pèsonalite ki gen orijin ayisyèn, tout kategori konfonn, ki rive ranpòte yon distenksyon konsa nan youn nan pi gwo chanpyona foutbòl Ewòp yo.
Siksè sa a depase limit yon senp trofe endividyèl. Li reprezante viktwa talan, disiplin, travay di ak detèminasyon yon jèn fanm ki pa janm sispann fè drapo Ayiti a briye sou sèn entènasyonal la. Depi plizyè sezon, Melchie Dumornay ap enpoze tèt li kòm youn nan pi gwo vedèt foutbòl fanm nan mond lan gras ak pèfòmans ekstraòdinè li yo.
Atravè eksplwa li yo, jèn atakant lan pa sèlman tounen fyète yon jenerasyon, men li vin yon modèl ak yon sous enspirasyon pou plizyè milye jèn ayisyen ki reve rive lwen nan espò a.
Pou anpil obsèvatè, Melchie Dumornay se jodi a pi gwo senbòl foutbòl ayisyen modèn nan.
Nan kat kwen peyi a, nouvèl sa a deja ap soulve anpil emosyon ak fyète. Ayiti pa sèlman ap selebre yon jwèz eksepsyonèl, men yon zetwal ki kontinye klere pou tout yon pèp. Rekonesans entènasyonal sa a voye yon mesaj fò bay lemonn antye : malgre tout difikilte yo, jeni ayisyen an kapab rive sou tèt pi gwo sèn espòtif entènasyonal yo.