Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) kontinye ajiste etap pwosesis elektoral la pandan plizyè aktè politik ap mande plis tan pou yo kapab prepare epi depoze dosye kandida yo. Enstitisyon elektoral la deja pran desizyon pou pwolonje peryòd enskripsyon kandida yo, apre demann plizyè pati ak gwoupman politik te fè atravè reyinyon ak korespondans.

Dapre enfòmasyon ofisyèl KEP a, peryòd enskripsyon kandida yo, ki te dwe fini 2 oktòb 2026, pwolonje jiska 14 oktòb 2026. Nan nouvo kalandriye a, enskripsyon kandida yo sou entènèt te fikse soti 20 out pou rive 20 septanm, pandan depo dokiman obligatwa yo ap fèt soti 13 pou rive 22 septanm 2026.

KEP a presize tou ke analiz dosye yo ap fèt soti 13 pou rive 28 septanm. Apre sa, lis preliminè kandida ki enskri yo dwe pibliye 29 septanm. Pou kontestasyon yo, peryòd la pwograme soti 30 septanm pou rive 7 oktòb devan BCEC, epi jiska 9 oktòb devan BCED. Rekou yo devan BCEN dwe trete ant 7 ak 13 oktòb, anvan piblikasyon lis final kandida ki jwenn otorizasyon pou patisipe nan eleksyon yo, ki te prevwa pou 14 oktòb 2026.

KEP ap chèche fasilite patisipasyon pati politik yo

Dapre KEP a, objektif pwolongasyon an se bay responsab pati ak gwoupman politik yo plis tan pou yo konplete tout fòmalite ki nesesè yo atravè platfòm enskripsyon kandida yo. Enstitisyon an mande aktè politik yo pou yo pwofite delè yo bay la epi respekte chak etap ki fikse nan kalandriye a.

Depi 20 out, KEP a te kòmanse fè sesyon travay ak reprezantan estrikti politik ki jwenn akreditasyon yo pou prezante platfòm enskripsyon kandida yo epi fè echanj sou avansman pwosesis elektoral la.

Pou depo dokiman ak deklarasyon kandidati yo, KEP a te anonse yon pwosedi ki varye selon pòs elektoral la. Kandida pou Sena dwe depoze dokiman yo nan Biwo Elektoral Depatmantal (BED) depatman konsène a, tandiske kandida pou Depite ak Kolektivite Teritoryal yo kapab fè demach yo nan Biwo Elektoral Kominal (BEK) ki konsène yo.

Diskisyon sou kad legal ak politik pwosesis la

Pwosesis elektoral la ap dewoule pandan gen diskisyon ant KEP a, pouvwa egzekitif la ak diferan sektè politik sou kad legal ak kondisyon ki dwe pèmèt eleksyon yo fèt.

Depi avril 2026, KEP a ak Primati a te deja angaje yo nan diskisyon sou posiblite pou amonize Dekrè Elektoral la ak Pakt Nasyonal pou Estabilite ak Òganizasyon Eleksyon yo, ansanm ak kestyon bidjè ak kalandriye elektoral la.

Se nan kontèks sa a tou pwosesis kandidati yo ap avanse, pandan plizyè pati politik ap chèche jwenn tan ak kondisyon ki nesesè pou patisipe nan konpetisyon elektoral la.

KEP repete angajman li pou eleksyon ki ouvè ak transparan

Malgre ajisteman ki fèt nan kalandriye a, KEP la kontinye deklare li vle mennen pwosesis la yon fason enklizif, enpasyal, transparan ak responsab, pandan li mete aksan sou prensip endepandans, entegrite elektoral ak dwa sitwayen yo pou patisipe nan lavi demokratik peyi a.

Nan dènye vèsyon kalandriye elektoral KEP la ki disponib, premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo, ansanm ak ratifikasyon chanjman pwopoze nan Konstitisyon an, te fikse pou 13 desanm 2026. Dezyèm tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo ansanm ak eleksyon pou Kolektivite Teritoryal yo te prevwa pou 21 fevriye 2027. KEP la te mete aksan sou lefèt ke aplikasyon kalandriye sa a depann, pami lòt bagay, de yon klima sekirite ki akseptab ak disponiblite finansman ki nesesè pou operasyon elektoral yo.

Kidonk, pandan pwosesis kandidati yo ap kontinye, kesyon delè yo, kad legal la, patisipasyon aktè politik yo, sekirite ak kapasite teknik ak finansyè yo rete pami eleman ki pral enfliyanse dewoulman pwochen etap pwosesis elektoral la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841