Kenya deklare Jedi ke li pap voye polisye li yo Ayiti amwenske peyi manm Nasyonzuni yo finanse konplètman misyon multi-nasyonal la ke LONU apiye a.

Minis Enteryè Kenyan an Kithure Kindiki deklare bidjè jeneral pou deplwaman an, kap dire yon lane e ki vize retabli kalm nan peyi d Ayiti ke gang finn ravaje se $600 milyon.

Kindiki di yon komisyon palman Kenyan an:  » aranjman ak mobilizasyon pou misyon sa a pral fèt pami peyi manm LONU yo. »

Li ajoute: « Toutotan tout resous yo pa mobilize epi disponib, twoup nou yo pap kite peyi a. »

Konsèy Sekirite Nasyonzuni an bay konsantman li nan komansman mwa Oktob la pou Kenya dirije yon misyon sekirite pou ede polis nasyonal Ayiti jere zak vyolans gang yo.

Kenya di li pare pou l kontribye 1,000 polisye nan fos la e Kindiki di gen 11 peyi ki pran angajman vizavi misyon an – san li pa nomen yo. »

« Nou pap voye yon fos okipasyon, nap voye yon fos pou apiye estrikti ki deja egziste nan peyi a, selon demann yo fè, » Kindiki ajoute.

Yon tribinal Kenyan pase lod pou anpeche gouvènman an voye okenn polisye an Ayiti toutotan li pa pran yon desizyon sou yon petisyon ki defye deplwaman an.

Kou Sipreryè Nairobi a ap konsidere yon dosye ke politisyen opozisyon Ekuru Aukot prezante devan l. Misye plenyen pou di misyon an vyole konstitisyon an e ke pa gen okenn lwa ni trete ki apiye yon bagay konsa.

Kindiki fè konnen preparasyon pou misyon yo ap kontinye malgre dosye ki devan tribinal la.

Kou Siperyè a gen pou l tande yon lot pwosè 16 Novanm, tandiske palman Kenyan an poko apwouve deplwaman an ki se yon egzijans dapre la lwa.

Patisipasyon Kenya nan misyon an fè fas ak anpil kritik bo kote Kenyan yo ki kestyone sajès yon misyon riske konsa.

Ayiti viv plizyè zane tibilans akoz gang ame yo ki ap goumen pou pran kontwol plis teritwa nan peyi a e pou atenn objektif sa a ap komèt zak vyolans brital. Met sou sa, ekonomi a ak sistèm swen sante a an degraba.

Sous: VOA kreyòl

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841