5 ansyen Senatè, 2 ansyen Direktè ONA plis yon ansyen depite se kèk pèsonalite CG Edler Guillaume vle tande

Mèt Edler Guillaume ki se komisè gouvènman nan Pòtoprens lanse mèkredi 21 avril 2023 a, 12 manda envitasyon pou kèk pèsonalite ki genyen non yo site nan dènye rapò Inite ki ap lite kont koripsyon Ayiti ( ULCC). Pami pèsonalite sa yo genyen 5 ansyen Senatè, 2 ansyen Direktè ONA ak yon ansyen depite.

Komisè Edler envite ansyen Senatè Nip la Nenel Cassy pou vin reponn kesyon madi 28 Novanm 2023 a vè 10è nan maten sou manti li bay lè li t ap fè deklarasyon patrimwàn li ak fason li anrichi tèt li ak lajan li fè nan move kondisyon.

Komisè a envite tou 2 ansyen Direktè Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès ( ONA), Jemley Jean Baptiste ki selon rapò ankèt ULCC ki lwe machin pou 61 milyon goud pandan 20 mwa li pase nan tèt ONA. Pou Stéphanie Mondestin li menm ki se te tou ansyen Direktè ONA, rapò reprochel paske li achte yon kay pou 86 milyon goud nan ansyen depite Alfredo Antoine e lajan saa ki te dekese a pase sou kont yon antrepriz li genyen. Komisè a fikse dat madi 27 Novanm 2023 a pou yo prezante devan li vè 9è nan maten paske yo genyen non yo ki site nan rapò ULCC a ki fè konnen yo te fè koripsyon pandan yo t ap dirije ONA.

Komisè a envite ansyen Senatè Joseph Lambert,
Richard Lénine Hervé Fourcand, Wanique Pierre, pou yo vin reponn kesyon 1ye Desanm 2023 vè 10è nan maten suivan atik 5.4 lwa 12 mas 2014 la ki trete prevansyon ak represyon koripsyon.

Nan men jou 27 Novanm lan Mèt Edler programe pou li tande ansyen depite Alfredo Junior Antoine vè 11è nan maten kòm ko-Otè produi krim atik 5.3 lwa 12 mas 2014 pini. Nan kad menm dosye saa CG ap tande tou Piterson Juste vè 12è.

Garcia Delva, Richard Lénine Hervé Fourcand, Wanique Pierre, Nenel Cassy se 5 Senatè sa yo komisè Edler Guillaume programe pou dande nan kad ankèt ULCC te mennen sou yo sou koze koripsyon.

Sou bò pa yo Daphnica Midley Paul Roland Garçon ki genyen non site nan kad dosye koripsyon ki genyen nan bous federasyon Risi te bay pou timoun al etidye, 2 moun sa yo te mare sosis yo ansanm pou fè pakèt lajan sou do timoun yo. ULCC reproche yo kòm moun ki nan asosiyasyon malfektè kòd penal ayisyen an pini nan atik 45, 224, 225. Moun sa yo gen envitasyon pou mèkredi 29 Novanm lan.

Se dat 15 Novanm 2023 a, Inite ki ap lite kont koripsyon Ayiti ( ULCC) te remèt ak lajistis 19 rapò ankèt koripsyon yo te mennen.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841