Pou pi piti 2 moun mouri nan yon aksidan/krash anyon mèkredi 2 oktòb 2024 la nan lokalite Miserne ki nan vil Okay depatman Sid Ayiti, selon tout enfòmasyon nou dispoze jounen jedi 3 oktòb la.

Daprè premye enfòmasyon yo, avyon an te pote machandiz. Li tonbe yon ti kras tan apre li te fin kite ayewopò Antoine Simon an. 2 moun ki mouri yo nan aksidan an se ta 2 pilòt yo.

Jiska jounen jedi 3 oktòb 2024 la, otorite yo pa t ko devwale idantite viktim yo, ni pwononse yo sou dram nan.

Ekip premye sekou yo ki te deplwaye nan zòn aksidan an anba kontwòl ajan polis nasyonal Ayiti ki te prezan pou sekirize sit aksidan an, retire kò 2 viktim nan avyon an.

Selon yon temwen, avyon an t ap transpòte divès bwat ki gen Zangi ladan yo.

Finalman, Otorite yo pa ko detèmine ki rezon ki lakoz avyon an fè aksidan an, yon sitiyasyon n ap suiv de prè.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841