Gouvènman Dominiken an anonse madi 2 oktòb 2024 la li pran divès mezi pou ranfòse sekirite nasyonal peyi a, pami yo depòtasyon 10 000 Ayisyen ki pa gen papye chak semèn. Se pòt pawòl prezidans lan, Homero Figuero a ki fè anons lan.

Nan lide pou goumen kont imigrasyon ilegal e pwoteje souverènte nasyonal yo, gouvènman domimiken an, anonse nan yon reyinyon konsèy sekirite, desizyon pou refoule 10 mil Ayisyen chak semèn nan peyi yo.

Prezidan dominiken an, Luis Abinader ki t ap prezide reyinyon sa fè konnen, li pran desizyon sa paske soutyen òganizasyon entènasyonal yo ap bay Polis Nasyonal Ayiti a lan anpil.

Pi lwen, Abinader deklare sa k pi enpòtan pou li se garanti sekirite Dominiken yo.

« Nou pa dwe okenn moun eksplikasyon sou sa ki gen pou wè ak respekte lwa imigrasyon nou yo » deklare preziden Abinader ki souliye lwa sou imigrasyon yo fondamantal pou tout nasyon.

Ministè zafè etranjè peyi Ayiti ki reyaji sou dosye depòtasyon an fè konnen mezi gouvènman Dominiken pran an se yon mezi diskriminatwa. Minis zafè etranjè Ayiti Dominique Dupuy ajoute pou di ministè a ap tout mezi atravè sèvis konsila li yo pou asiste migran Ayisyen yo nan diyite.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841