Brandon Gill, yon Lejislatè repibliken prevwa prezante yon lwa pou imòtalize prezidan Donald Trump sou biyè dola $. Manm kongrè ameriken an , Brandon, ki reprezante 26ieme distri kongrè Texas la, deklare aprè manda prezidan Donald Trump la fini, li ta vle wè yo ranplase Benjamin Franklin pa Prezidan Donald Trump pito sou biyè a.

Lejislatè a fè konnen prezidan Trump pran bal pou peyi a deja, li travay di anpil pou sekirize fwontyè peyi a, li repare relasyon komèsyal inegal ak rès mond la, li rann Etazini pi gran toujou, se t ap yon bon bagay si aprè manda li fini yo ta mete li sou biyè 100 us la.

N ap siyale fòk yo ta pase men nan lwa peyi a paske yo pa kapab mete yon moun ki vivan sou lajan peyi a .

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841