Sete yon aprè midi wo komandman lapolis la kite gen nan tèt li aktyè chèf polis la Normil Rameau planifye yon operasyon nan vilaj de dye, sou gouvènman Jouthe Moise la kote yo te vle antre epi mete anba kòd plizyè chèf gang vilaj de dye

12 mas 2025 la fè 4 lane depi plizyè polisye (Ariel Poulard, Georges Renoit, Georges V. Alexis, Standley Eugène, Desilus Wislet, Lucdor Pierre) te pèdi lavi yo nan yon operasyon ki te echwe nan Vilaj de Dye. 8 polisye te blese, youn te disparèt epi 1 blennde te boule.

Batay kont ensekirite a toujou rete youn nan pi gwo defi Leta ayisyen, lè nou raple polisye sa yo kite tonbe nan kad operasyon vilaj de dye a fanmi yo pat menm ka jwen kò yo pou te antere nan lonè ak diyite sa mande

Kriminèl yo ki pa chome okontrè ki vin inifye, epi okipe plis espas sou teritwa ayisyen, an ba bab mouche Leta ki poko janm ka ran fanmi polisye sa yo jistis

Kèk jou pase yo aprè Leta ayisyen te itilize dwòn kamikaz pou ta fè kèk operasyon nan vilaj de dye chèf gang Izo te pran rezo pou di sa li te fè 12 mas 2021 an pa anyen devan sa li pare pou polisye yo, eske Leta ayisyen ap toujou kite polisye li yo imilye devan gang ame san fanmi, zanmi ak enstitisyon polis la pa jwenn jistis?

Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841