Pap ki fèk eli a, Robert Francis Prevost, ta gen zansèt ayisyen ak kreyòl koulè ki soti Lwizyana, dapre sa jeneyalòg ameriken Jari Christopher Honora revele.
Rechèch ki pibliye jedi sa a montre Pap la sòti, pa bò manman granmè li, Louise Baquie (ki fèt nan New Orleans an 1868), nan yon fanmi Kreyòl koulè Lwizyana. Granpapa li, Joseph Martinez, li menm te fèt nan Pòtoprens an 1864, sa ki mete li dirèkteman nan desandans ayisyèn.
Honora mete disponib kòm prèv ak sètifika nesans Joseph Martinez ansanm ak ak sètifika maryaj granparan yo. Dekouvèt sa a pote yon lòt dimansyon sou idantite Pap la, nan yon moman kote divèsite ak orijin kiltirèl vin tounen sijè enpòtan nan legliz Katolik la.
Vatikan poko fè okenn deklarasyon ofisyèl sou nouvèl sa a.