Mackenzie Jacques ta dwe ranplase Delin Boyer kòm Direktè depatmantal polis Sant semèn sa a, selon divès sous Centre à la UNE genyen nan PNH la. Komisè Mackenzie se youn nan moun ki patisipe nan fòme kò UTAG la epi li te travay Petyonvil tou.
Demach ap fèt pou mete yon nouvo direktè depatmantal polis nan depatman Sant. Si pa gen okenn chanjman nan dènye minit, kòmandman polis Sant lan ta dwe gen yon nouvo chèf anvan semèn nan.
Mackenzie Jacques se yon ansyen komisè polis ki te responsab komisarya Petyonvil la, ta dwe vinn nouvo direktè depatmantal polis Sant lan. Mackenzie Jacques se te yon ansyen fòmatè ak chèf inite UTAG. Li pral ranplase DDC sòtan an ki se Delin Boyer, ke popilasyon plato Santral la kritike anpil paske li pa t pran mezi nesesè pou pwoteje moun Mibalè ak Sodo kont atak gang ame yo.
Chanjman ki fèt nan tèt kòmandman polis Sant lan ta dwe mennen ak aksyon ki pi konkrè pou libere vil Mibalè selon kèk notab, ki tonbe anba kontwòl gang ame depi plis pase yon mwa. Toujou selon notab yo, li nesesè pou Direksyon Jeneral PNH la ansanm ak gouvènman santral la bay plis mwayen ak otorite polis yo nan depatman an.
Selon ansyen depite Mibalè a, ki fè konnen li travay pou gen yon chanjman nan tèt polis depatman an, nouvo direktè depatmantal la, ta sanble deja mande yon trantèn dwòn kamikaz ki ta va pèmèt polis la atake sou tout aks pou yo kapab libere sant vil Mibalè.
Daprè Abel Descollines, inite espesyalize nan polis la swete jwenn machin oswa ekipman ki kapab pèmèt yo antre nan sant vil Mibalè. Ansyen palmantè a fè konnen l ap mete presyon sou manm CPT yo ak premye minis Alix Didier Fils-Aimé pou yo mete ase dwòn kamikaz disponib pou direksyon depatmantal polis Sant lan, pou ede rekipere vil la. Abel Descollines mande tou pou Ministè Defans lan ak Travay Piblik kontribye, nan mete machin ak ekipman a dispozisyon inite yo pou fasilite aksè sou diferan pwen estratejik nan vil la.
Yon trè pwòch komisè Delin Boyer rakonte Centre à la UNE, Komisè Boyer deja kite peyi a. Men li pa presize si l ap retounen oubyen l ap tou rete.
Jefferson BONISSANT, Centre à la UNE !