.Lakou siprèm Etazini otorize Vandredi 30 me 2025 lan administrasyon Donald Trump lan pou retire estati legal anviron demi milyon imigran ki te rantre nan kad pwogram Biden nan e ki konsène kat peyi sa yo : Ayiti, kiba, Nikaragwa, Venezyela. Lakou a otorize non sèlman kanpe estati legal moun sa yo men tou dakò pou depòte yo nan peyi a.

Sa fè dezyèm fwa pou mwa me a lakou siprèm Etazini bay rezon ak Trump nan tantativ pou revoke estati jiridik tanporè imigran yo, alòske Trump pa sispann kritike sistèm jidisyè federal la.

Òdonans brèf tribinal la pa siyen, kòm se toujou konsa sa fèt nan sa ki gen pou wè ak ka ijans yo. De jij pwogresis sa yo: Sonia SOTOMAYOR ak Kentanji Brown JACKSON pa siyen pou eksprime dezakò yo ak desizyon sila.

Byenke desizyon ijans kou siprèm nan pa définitif, afè jiridik sa a kapab pouswiv nan tribinal enferyè. Òdonans sa a pral pèmèt administrasyon Trump lan akselere pou voye tounen lakay yo anviwon 530 mil migran ki te benefisye pwogram Biden nan.

De jij ki opoze ak desizyon sa a, JACKSON ak SOTOMAYOR fè konnen travay kou a se yon travay bakle. Fòmil yo itilize pou leve desizyon yon tribinal enferyè kapab genyen gwo konsekans negatif pou tou de pati yo ki an litij. Paralèlman jij majoritè ki rann desizyon an kwè desizyon a pral ede gouvènman an nan kad travay l ap fè a.

Desizyon sa a boulvèse anpil migran kat peyi yo ki ap viv Etazini.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841