Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Ekselans Fritz Alphonse Jean patisipe jounen vandredi 30 me 2025 lan nan seremoni ofisyèl lansman sezon siklonik pou ane sa a k ap kòmanse nan dat premye jen epi k ap bout 30 novanm nan menm ane a. Se yon seremoni ki te dewoule nan prezans minis Enteryè ak Kolektivite teritoryal la, Paul Antoine Bien-Aimé, minis Travo piblik, Transpò ak Kominikasyon an, enjenyè Raphaël Hosty, minis Kondisyon fanm ak Dwa fanm lan, Pedrica Saint-Jean, majistra Taba a, Arsonval Alexandre.

Nan diskou sikonstans lan, Prezidan KPT a, Ekselans Fritz Alphonse Jean reafime volonte Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou fè bon jan prevansyon pou sezon siklonik lan yon fason pou evite gwo dega pandan sezon sa a.Toutfwa, li remèsye epi felisite jefò responsab yo nan direksyon santral Pwoteksyon sivil la pou sant ebèjeman pwovizwa yo deja mete kanpe.

Pi lwen, Prezidan KPT a fè konnen sezon siklonik lan pa yon fatalite, se nan sans sa li ankouraje tout pitit peyi a mete men ansanm pou simonte peryòd sa a.

KPT ak Gouvènman an konnen vilnerabilite anviwònman an e konsekans sitiyasyon ensekirite sa genyen sou lavi moun anndan peyi a. Se pou sa bidjè rèktifikatif la mete resous pou nou reponn a gwo defi sa yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841