Aprè disparisyon jounalis VOA KREYÒL Jean Christophe Collègue, Kidnapin PDG radyo RC FM 97.1 Israël Roger Clody, majorite jounalis senyò yo nan plato santral sitou nan Mibalè ap sibi gwo menas swa lokal pa yon ti group politisyen raketè ki voye patizan yo devan, swa pa sòlda group teyoris viv ansanm yo pou pozisyon ak angajman yo nan defann popilasyon pou ba yo verite.

Nan yon rapò òganizasyon ki ap defann dwa moun Ayiti, « Collectif défenseur plus  » pibliye sou atak Teyoris viv ansanm yo nan plato santral pou mwa Me 2025 lan, òganizasyon an revele jounalis yo nan Mibalè se veritab gran viktim nan atak la ki rann travay yo vin pi difisil chak jou. Òganizasyon an pran jounalis ki disparèt ak sa ki kidnape pou rive nan jounalis Teyoris yo boule oubyen piye kay yo tankou: James Thomas, Remy Joseph, Sadrax ULYSSE ak Zacharie EXIL.

Lyen rapò a: https://defenseursplus.org/rapport-situationnel-sur-les-violences-armees-dans-le-departement-du-centre-mai-2025

Majorite nan jounalis sa yo oblije pran egzil fòse nan lòt komin ou rejyon nan peyi a nan sousi pou pwoteje po yo, sa ki rann popilasyon an soufri anpil pou jwenn bon jan enfòmasyon ak verite sou sitiyasyon sekiritè Mibalè ap fè fas la, sa ki rann anpil dezenfòmasyon kote se moun sou group whatsap san fòmasyon teknik nan enfòmasyon ki di tout kalite koze.

James Thomas ki se korespondan radyo Kiskeya nan depatman an ki genyen anviwon 20 lane eksperyans di « Se pou premye fwa nan karyè jounalis li li resevwa tout menas sa yo ki pou fòse li deplase mete li akouvè malgre gwo risk li toujou pran pou sèvi popilasyon ayisyèn nan. PDG TJ-Com & Promo a rapousib pou di malgre li akouvè sa pa anpeche li itilize lòt estrateji pou jwenn ti kal enfòmasyon pou ede nan fason li kapab e malgre tout efò li pran yo sa pa anpeche genyen moun ki vle atake li. James konkli pou di kay li kote li pase pliske 15 lane ap konstwi, bandi yo mete dife ladan li epi dechè piye li ».

 » Pou Centre à la UNE : genyen plizyè nan jounalis li yo ki deja egzile kite peyi a akoz menas yo te twòp pou yo, nou ka site dènye jounalis la ki se Serondier LOUISIA, direktè enfòmasyon jounal la, kote gang yo piye kay li epi menase li pou touye li. Bandi yo atake espas stidyo jounal la ki te sou wout 9 la. Yo piye biwo yon ajans imobilye pou PDG Centre à la UNE genyen ki rele plop-plop ajans maketin imobilye. Bandi yo piye kay madanm li epi boule kay fanmil. Donk, sevre bandi yo piye prèske kay tout moun Mibalè men genyen kay se atak sible yo fè nan lide pou afebli travay jounalis yo sitou jounalis Centre à la UNE yo paske liy media tradwi volonte reyèl pou libète ekspresyon, pou kontinye fè boujonnen demokrasi pou yon chanjman reyèl Ayiti. Regrèt PDG a ki te pale ak jounal la.

Tout jounalis ki fè pati Centre à la UNE menase paske yo ap defann prensip pou yon Eta de dwa. Kòm kapitèn jounal la mwen se dènye moun ki ta pou abandone paske Centre à la UNE se yon vizyon ki dwe akouche devlopman Ayiti. Nou rale moulen men nou pap kouri n ap kontinye fòme nouvo jèn jounalis atravè tout peyi a, devlope patenarya nou pou fè jounal la kontinye figire pami gwo jounal ki genyen nan peyi a ki baze nan plato santral. » Se sa PDG Centre à la UNE nan ki se yon teknisyen nan devlòpman, Sadrax ULYSSE fè nou konnen.

Pou PDG radyo ZAO FM nan: Zacharie EXIL , menas pa li yo klè moun yo non sèlman voye mesaj prive sou telefòn li, genyen lòt ki profite atake li sou rezo tankou Facebook ak group whatsap yo. Pou Zacharie, menas li yo lokal ak entènasyonal kote yon ti group moun nan kominote Mibalèzyèn nan ki nan politik ak kontrebann ak tout sòt trafik ilisit wè radyo ZAO ki pran angajman pou denonse zak malonèt ki ap fèt nan kominote a sou pretèks lit kont bandi poutan se lòt bagay ki ap regle ki ka efondre Mibalè pifon nan ensekirite san fen , moun sa yo ki deja ap fè kanpay pou di lè Mibalè rekipere genyen moun ki pap ka retounen Mibalè y ap asasine yo, donk, enfòmasyon pèsonèl li fè li kwè li pami moun sa yo parapò ak denonsiyasyon li konn fè. PDG RADIO a jounalis ki pase de prezantasyon di li menm malgre entimidasyon sa yo ki mete li nan kache pou tann gwo van pase a li se premye moun ki ap retounen Mibalè paske li pèdi byen li menm jan ak tout moun, li pap dakò rete nan kache nèt fòk li retounen kontinye travay pou rekonstwi vi li bandi yo gache kote yo volè prèske tout sa li te posede.

Libète ekspresyon nan plato santral ap vini pi difisil chak jou ensekirite a ap kontinye vale tèren. Se pa sèlman jounalis yo ki genyen difikilte pou di sa yo panse men genyen sitwayen tou nan Mibalè ak Sodo ki di Centre à la UNE genyen moun ki menase yo pou opinyon yo te bay swa sou group Whatsap oubyen sou kont Facebook yo, nou ka site Paul Alentz alyans ZAÏN ki otorize jounal site non li kote l ap sibi gwo menas aprè li te di sa li panse sou yon foròm whatsap.

Henri ALPHONSE, Centre à la UNE!

By Henry ALPHONSE

Jounalis ak Kominikatè Sosyal | Konsiltan nan Kominikasyon pou Devlopman Li se yon jounalis angaje ki gen eksperyans nan laprès ayisyèn, kote li te deja prezante nan jounal Le Nouvelliste, pi ansyen jounal chak jou nan peyi a. Kòm yon kominikatè sosyal, li mete talan li o sèvis devlopman kominotè atravè konsiltasyon ak animasyon pwojè. Li se kowòdonatè Consommateurs Solidaires, yon platfòm ki mete an rezo konsomatè ak pwodiktè ayisyen oubyen ayisyen desandan, pou fasilite echanj, kolaborasyon ak koperasyon. Platfòm sa a angaje l nan ankourajman pwodiksyon nasyonal, konsomasyon entelijan, devlopman dirab, antreprenarya jenès ak fanm, epi ekonomi sosyal ak solidaire. Travay li kontribye nan bati pon ant konsyans ekonomik ak inisyativ lokal.