Asosiyasyon Nasyonal Nòmalyen Endepandan Ayiti yo (ANNIH) mande Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pou bay satisfaksyon prese prese ak revandikasyon anseyan yo, nan yon nòt pou laprès li mete deyò, nan dat 2 jen 2025 sa.
Ajisteman salaryal, regilarizasyon salè, kat debi, nominasyon, avantaj sosyal, elt., se prensipal revandikasyon anseyan yo. ANNIH di li endiye dèske MENFP pa montre okenn sansiblite avèk revandikasyon anseyan yo, sinon Ministè a fè menas tankou revokasyon, kenbe chèk, transfè fòse oubyen lanse vye pawòl sou plas piblik kont entegrite anseyan yo.
Asosiyasyon Nasyonal Nòmalyen Endepandan Ayiti yo kalifye minis Augustin Antoine li afiche yon posti endiferans ak dezenvòlti. ANNIH kritike minis Augustin ak tout ekip li ki mete sistèm nan mal lè l paralize aktivite eskolè yo nan etablisman piblik yo depi deja 5 mwa.
Asosiyasyon Nasyonal Nòmalyen Endepandan Ayiti yo fè konnen nan kontèks enkyetan kriz sistèm edikatif ayisyen an twouve l la, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl dwe aji vit pou reponn ak revandikasyon anseyan yo.
Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE