Yon group sitwayen Depatman Sant òganize yon maraton pandan fen mwa Me pou pote sipò yo ak direksyon depatmantal polis Sant lan pou kontribiye nan kwape bandi yo ki nan Mibalè ak Sodo. Sitwayen sa yo fè pati plizyè estrikti òganizasyon sosyopolitik ak antreprenarya nan rejyon an.
Finalman semèn sa sitwayen sa yo remèt ak DDC yon milyon goud pou kapab wè kòman li ka fè pou ede moun Mibalè ak Sodo retounen lakay yo.
Ansyen depite Abel Descolines ki se youn nan gwo kontribyab yo jounal la te kontakte fè konnen li pa twò entèrese pale pou fè elòj de tout sa li fè nan batay pou rekipere Mibalè ak Sodo a. Depite a di se vre li ede anpil moun deplase, li fè anpil demach nan piwo nivo Leta men pou li se pa fè bri ki nesesè paske moman pa mande sa. Depite a fini pou di se rezilta lap tann pou popilasyon an ka retounen lakay li.
Men lis moun ki te pote kontribisyon yo pou te pèmèt lajan rive yon milyon goud pou bay DDC:
Abel Descollines
Bureau de l’ancien député de Mirebalais
Me Jean Fresly
Animateur départemental du
Mouvement les visionnaires du Plateau Central
Brunel FILS-AIME
Avocat
Sylvie Merizier Descollines
Diplomate
Plesimond Lucksaint
Directeur du Centre professionnel (Lascahobas)
Francky MEDE
Président association départementale des Casecs du Centre
Alcide Appolon
Entrepreneur
Philosthene Janvier
Alliance Citoyenne du Plateau Central
Amos Louis
Ex-Maire de Thomassique
Veyard Esdras
Avocat
Gilbert Augustin
Ancien député
Wenson Pierre
Entrepreneur
Délicieuse Paul
Mouvement des femmes
Jumelle François
Ingénieur
Nahomie Simon
Association Combattant du Sol
Wesly Marcelin
Diaspora
Yveland Kendy
Agronome
Reginald Descollines
Entrepreneur
Marie Dieudonne DORZN
Retraitée
Louna Descollines
Infirmière
Pedro Marseille
Diplomate
Mackenson Descollines
Expert en sciences de l’éducation
Israël Roger Claudy
PDG RCFM Mirebalais
Sadrax ULYSSE PDG
Centre à la UNE, enjenyè nan devlopman lokal.
Exil Zacharie
PDG ZAO Fm Mirebalais