Prezidan Luis Abinader rankontre plizyè ansyen chèf Leta dominiken pou reflechi avèk yon repons komen sou deteryorasyon sitiyasyon an. Aprè pale sa yo, yon akò siyen pou reklame transfòmasyon Misyon miltinasyonal soutyen ak sekirite a (MMSS), avèk yon api lojistik ak operasyonèl ranfòse de Nasyon Ini.
Nan kad sa, yon kòrespondans Luis Abinader, Leonel Fernández, Danilo Medina ak Hipólito Mejía siyen epi voye bay 15 manm Konsèy sekirite Nasyon Ini yo. Daprè jounal Listín Diario ki revele enfòmasyon an vandredi 6 jen 2025 sa, lèt sa adrese avèk plizyè dirijan mondyal, pami yo Donald Trump, Vladimir Poutine, Xi Jinping, Sir Keir Starmer ak Emmanuel Macron. Inisyativ la vize mobilize yon soutyen entènasyonal pi fò pou fè fas avèk kriz ayisyèn nan.
Pòt-pawòl prezidans dominikèn nan, Homero Figueroa, souliye jedi demach sa reflete ijans nasyonal ak konsansis politik an favè yon aksyon entènasyonal pi efikas, pou evite efondreman total Leta ayisyen.
<< agravasyon rapid kriz ayisyèn nan menase sekirite kontinan an >>, se sa pòt-pawòl la deklare, pandan li mande peyi yo nan rejyon an pou ini efò yo pou rezoud kriz miltidimansyonèl sa. Homero Figueroa estime se sèl mwayen sa pou reponn kolektivman avèk defi mondyal aktyèl yo.
Kriz an Ayiti a sisite diskisyon nan pi wo nivo nan Repiblik Dominikèn. Prèske yon (1) lane aprè MMSS la deplwaye, plizyè obsèvatè-sitou sa yo ki te patisipe nan mizanplas li jije li pa reponn ak reyalite tèren an. An konsekans, obsèvatè yo mande pou revize MMSS la an pwofondè. Sepandan, tout inisyativ ki mennen jiskaprezan yo echwe. Plizyè manm enfliyan nan Konsèy sekirite a, pami yo Lachin, opoze pou modifye MMSS la, pandan li akize Etazini k ap chèche destabilize Ayiti.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE