Jiska 11 milyon dola de fon piblik yo pwomèt avèk Sunrise Airways pou relanse vòl entèn yo. Ekonomis Enomy Germain denonse yon rant degize.
11 milyon dola pou relanse vòl entèn yo, Enomy Germain denonse yon politik demagojik. Vòl domestik yo ap reprann 12 jen nan ayewopò Guy Malary nan Pòtoprens. Gouvènman ayisyen an mobilize jiska 11 milyon dola pou relans vòl yo anndan peyi a.
Ekonomis Enomy Germain kritike desizyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ki bay jiska 11 milyon dola avèk konpayi Sunrise pou relanse vòl entèn li yo. Li denonse yon << sibvansyon avèk yon monopòl >> ki fè popilasyon an peye 2 fwa : dabò akòz pri yo ki wo, ansuit akòz taks.
Daprè Ekonomis la, soutyen sa p ap rezoud ni ensekirite a ni prekarite a, men ranfòse pozisyon dominan yon sèl operatè. Li evoke tou yon ris alea moral : << Plis gen ensekirite, se plis y ap jwenn lajan. >>
Vòl ant Pòtoprens ak vil pwovens yo ki te sispann akòz ensekirite depi plizyè mwa ap reprann 12 jen 2025 sa. Se gouvènman ayisyen an ki anonse li siyen yon akò avèk konpayi Sunrise Airways pou repriz vòl domestik yo, nan yon kominike li pibliye 5 jen pase a.
Jacky Médé Fontaine
Centre à la UNE