Ayiti ap fè premyè sòti li nan Gold Cup 2025 lan dimanch sa kont Arabi Sawoudit.

Seleksyon ayisyèn foutbòl la ap demare konpetisyon an dimanch 15 jen 2025 lan nan San Diego, fas Arabie Saoudite. Grenadye yo ki twouve yo nan gwoup D pral tante fè bon figi nan yon tounwa y ap abòde nan yon kontèks difisil.

Se nan Snapdragon Stadium de San Diego, an Californie, Grenadye yo pral fè debi yo nan Gold Cup 2025 lan, dimanch 15 jen sa, fas Arabie Saoudite, yon nasyon CONCACAF envite. Koudanvwa prevwa pou 20h15 (lè lokal). Match sa pral make debi faz gwoup yo pou Ayiti, ki nan gwoup D, akonpaye Trinidad & Tobago, États-Unis ak Arabie Saoudite.

Aprè premyè rankont sa, seleksyon ayisyèn nan ap rapousuiv kanpay li avèk 2 deplasman nan Texas : jedi 19 jen : Ayiti vs Trinidad & Tobago, nan Shell Energy Stadium de Houston. Dimanch 22 jen : Ayiti vs États-Unis, nan AT&T Stadium d’Arlington. Faz gwoup yo ap fini 25 jen. 2 premye nan chak gwoup ap kalifye pou kadefinal (1/4), k ap kòmanse 29 jen. Final 18è edisyon Gold Cup la prevwa pou dimanch 6 jiyè nan NRG Stadium de Houston.

Malgre yon kontèks difisil, seleksyon ayisyèn nan kapab apiye sou plizyè eleman eksperyans, epitou sou yon nouvèl jenerasyon jwè ki genyen anvi pou montre de sa yo kapab. Ayiti pral rive nan konpetisyon an avèk dezi pou relanse yo. Seleksyon an rete sou yon defèt (1-5) fas avèk Curaçao, nan kad eliminatwa Mondyal 2026 yo. Tounwa kontinantal CONCACAF la ofri avèk Grenadye yo yon opòtinite pou korije kaye yo epi pou bay ankò konfyans avèk sipòtè ayisyen yo. Match gwoup yo pral desizif pou evalye kapasite reyèl ekip sa pou retwouve nivo li te afiche pandan Gold Cup 2019 la, kote Ayiti te atenn demi-final.

Gold Cup la ap demare ofisyèlman samdi 14 jen 2025, nan peyi Etazini, avèk plizyè rankont ki prevwa. Pou Ayiti, randevou a fikse pou dimanch swa sa nan San Diego. Grenadye yo ap kòmanse yon nouvo chapit nan listwa kontinantal yo, avèk lespwa pou fè bliye dènyè dezilizyon yo ak ravive flanm nan kè sipòte yo.

Jacky Médé Fontaine
Centre à la UNE

By Jacky Médé FONTAINE

Mwen se Jacky Médé FONTAINE, m se Jounalis, Kwonikè espòtif, Etidyan nan Dwa.