Amerik Latin ap viv yon moman chwa istorik sou echikye jewopolitik mondyal la. Nan yon kontèks kote politik Donald Trump mete presyon sou anpil peyi nan rejyon an, relasyon komèsyal ak politik ant Chin ak Amerik Latin lan vin pi sere, e sa mete Etazini fas a yon reyalite ki sou pwen chanje balans enfliyans li sou kontinan an.

Nan ane 2024 la sèlman, echanj komèsyal ant Lachin ak peyi Amerik Latin yo te frape yon som 500 milya dola ameriken, yon chif rekord ki bay siy ke yon lòt oryantasyon estratejik ap pran fòm. Peyi tankou Brezil, Ajantin, Chili, Meksik e menm ti peyi Karayib yo, ap louvri pòt pou plis envèstisman ak koperasyon Chinwa, pandan Washington ap ogmante menas ak presyon sou do sa yo rele « patnè natirèl » li yo.

Pandan Donald Trump ap menase ak tarif dwanyè ak baryè komèsyal, Peken kontinye ofri kredi, asistans teknik, enfrastrikti, epi antre dirèk nan sektè estratejik tankou agrikilti, min, telekominikasyon ak enèji. Gouvènman Chinwa a parèt tankou yon zanmi ki pa poze twòp kesyon sou dwa moun oswa nati rejim yo, alòs ke Etazini toujou akonpaye èd li ak kondisyon strik.

Gen etid ak analiz ki sòti nan sant etid etranje nan Washington ki mete aksan sou chanjman sa yo. Dapre yo, yon nouvo rezo relasyon ekonomik ap fòme, e sa mete an kesyon pozisyon dominan Etazini te toujou genyen depi epòk Gè Fwad la. Kounye a, peyi Amerik Latin yo ap jwenn yo ant de gwo fòs, e yo oblije pran pozisyon: swa pou kontinye swiv Washington, swa pou pran chimen ki pi pragmatik avèk Peken.

Enrique Dussel Peters, yon ekspè nan relasyon Chino-Latin, fè remake ke nou antre nan yon “triyang jewopolitik”, kote Lachin ak Etazini se de poto mitan, e tout lòt peyi yo oblije jere pozisyon yo ak anpil delikates. Sa vle di, sa pa senpleman yon kesyon ideyolojik, men se yon reyalite ekonomik ak estratejik ki mande chwa, kalkil, ak vizyon klè.

Sepandan, chwa sa a pote ris pa li tou. Lide sou souverènte peyi yo ka mete an danje si nouvo relasyon yo baze sèlman sou enterè finansye kout tèm. Chin ka ofri lajan, men li souvan mete men sou resous natirèl ak kontwòl sou sektè kle yo. Konsa, Ameriken yo vin wè entèvansyon Chinwa a tankou yon menas jewopolitik dirèk sou sfè enfliyans yo.

Nan limyè sa a, Ayiti menm dwe veye chimen l ap pran. Si pi gwo peyi rejyon an ap chèche wout altènatif pou devlope, noumenm tou, nou dwe reflechi sou ki kalite patnè nou chwazi. Eske se Etazini ki mete n sou presyon ak zam diplomatik? Oswa se Lachin, ki sanble pi fleksib, men ki souvan chaje ak entansyon pa klè?

Sa ki sèten, se ke mond lan ap reòganize. Nou antre nan yon nouvo konfigirasyon kote gran peyi yo ap teste limit enfliyans yo, e peyi pi fèb yo, tankou Ayiti, dwe montre entèlijans jeyopolitik pou pa vin senp pyon nan jwèt sa a.

Monnay Newton – Entènasyonalis

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841