Kapital ayisyèn nan, Pòtoprens te konnen daprè enfòmasyon ki te sikile nan medya lokal yo yon nuit madi 29 jen 2021 mètriye ak sanglan : anviwon 20 moun mouri ak bal. Yon tiyri. Yon masak. Yon kanaj. Pami viktim yo, nou jwenn jounalis Radyo Vision 2000 lan Diego O. Charles ak militan feminis Marie Antoinette Duclaire.

Nouvèl la te fè efè yon bonm mèkredi maten 30 jen 2021 sa ! Jounalis Diego Charles ak militan feminis Marie Antoinette Duclaire mouri ak bal.

Diego Charles t ap travay pou Radyo Vision 2000 epi militan Marie Antoinette Duclaire se te pòt-pawòl estrikti politik Matris Liberasyon, yo mouri ak bal nan lannuit madi 29 jen pou louvri mèkredi 30 jen nan ri Akasya, nan zòn Kris-Wa, tou prè lakay Diego Charles, se sa nou te aprann.

Diego Charles fèt yon 15 janvye nan Mafran nan Grandans, epi li t ap egzèse pwofesyon jounalis la depi 2013. Marie Antoinette Duclaire se sosyològ ak jounalis, li te konn anime yon emisyon nan Radyo Sans Fin (RSF) epi li te fè pati, an 2019, nèf (9) manm Komisyon fasilitasyon pasasyon pouvwa.

Ansyen prezidan Jovenel Moïse asasine lakay li nan Pèleren 5, nan lannuit 6 jiyè pou louvri 7 jiyè 2021. Lane 2025 sa make katriyèm anivèsè lanmò jounalis Diego Charles, militan feminis Marie Antoinette Duclaire ak prezidan Jovenel Moïse.

Jen/jiyè 2021-jen/jiyè 2025 : kat (4) lane aprè krim odye sa yo, fanmi ak pwòch moun sa yo ap viv nan atant, pandan yo espere viktim yo jwenn jistis. Èske se krim politik ? Ki avanse ki fèt onivo lajistis ayisyèn nan afè sila yo plizyè moun kalifye afè kriminèl ?

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841