Konsèy lòd avoka Pòtoprens yo anonse, lendi 7 jiyè 2025 lan, entèdiksyon Mèt Caleb Jean-Baptiste pou plede nan jiridiksyon Pòtoprens lan. Desizyon disiplinè sa ki te rann jedi 3 jiyè a pa Konsèy Disiplin nan te vini aprè divès akizasyon nan egzèsis ilegal pwofesyon an.
Anplis entèdiksyon sila, sou lòd Bawo a yo fèmen kabinè Caleb Jean Baptiste & Associés Law Firm, ki twouve li nan Dèlma 83. Òd avoka yo prezise mezi sa « vize pwoteje piblik la ak prezève entegrite pwofesyon jiridik la ».
Dosye Mèt Caleb Jean Baptiste la transmèt nan Bawo Aken ki se jiridiksyon orijin li pou suit legal apwopriye yo. Èske desizyon sa make yon siyal fò bò kote otorite disiplinè yo nan Bawo kapital la nan volonte yo genyen pou fè respekte règ deyontolojik pwofesyon avoka ?
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE