Nan yon lèt ki pibliye 25 jiyè 2025 lan, yon gwoup nan sosyete sivil Dekovil/Pelig la di li konstate yon dezòd k ap fèt sou baraj la depi anviwon twa (3) mwa aprè bandi Viv Ansanm fin kouri dèyè popilasyon Mibalezyèn nan ki vini sèl mwayen transpò pou konekte wo plato ak ba plato ki se pase sou baraj Pelig la.
Nan lèt denonsiyasyon sa yo ekri Direktè Polis Sant lan, siyatè yo atire atansyon otorite yo sou gwo pwa lou k ap travèse baraj Pelig la chak swa pou lajan. Yo fè konnen genyen kamyon ki peze 14 mil liv ki chaje 84 tòn fè k ap travèse baraj la chak swa san okenn mezi sekirite. Moun ki siyen lèt sila yo fè mansyon tou kondiktè kamyon yo oblije peye frè pasaj men wotè avèk ajan lapolis (Inite depatmantal ak mentyen lòd*UDMO), militè, BSAP, gwoup otodefans, sekirite EdH pou kapab travèse baraj la.
<< Nou toujou kite posiblite pou ti machin pase ak yon koulwa imanitè an ka dijans. Nou pran desizyon sa pou pwoteje baraj la ki se yon patrimwàn nasyonal. Nou egzòte tout chofè kamyon ak tout ajan fòs lòd yo depi nòt sa sòti li anvigè >>, daprè sa nou li nan lèt denonsiyasyon sosyete sivil Dekovil/Pelig la.
Pi lwen, gwoup nan sosyete sivil Dekovil/Pelig la raple « depi lè baraj la konstwi gwo pwa lou te toujou entèdi travèse li men sa gen kèk tan sa vini yon pratik nòmal ak yon seri fòs de lòd ki te vini pou sekirize li enben se gwo kamyon y ap travèse chak swa pou gwo sòm lajan san yo pa konnen ki danje li genyen ».
Sosyete sivil Dekovil/Pelig la presize : << Nou menm moun k ap viv nan lokalite a vin reyalize si baraj la ta kraze se nou ki ap premye pèdan, se pou rezon sa nou deside kanpe anfas jan de deriv sa yo. >>
Sosyete sivil lokalite Dekovil la denonse pasaj regilye gwo kamyon sou pon Pelig la ki reprezante yon danje grav pou sekirite piblik. Pon an ki travèse baraj la inogire an 1957 pa janm renove ni ranfòse pou sipòte pwa gwo kamyon k ap travèse li aktyèlman.
Sosyete sivil la konsidere sitiyasyon sa inakseptab, pandan li mande otorite yo pou pran mezi prese prese pou entèdi pasaj pwa lou sou baraj la epi mete fen a koripsyon k ap reye sou pon an pa plizyè ajan fòs piblik. Sosyete sivil Dekovil/Pelig la ap mande avèk otorite yo pou pran mezi pou entèdi materyèl lou pase sou baraj Pelig la.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE