Nan premye rankont ki dewoule semèn sa a pou remonte « CORE GROUP » la, òganizasyon Leta Amerik yo ( OEA), vini ak yon bouyon fèy dewout ki pral genyen pou pilote pa otorite ayisyen yo plis patnè rejyonal yo. Fèy dewout sila chita sou 5 pilye sa yo: sekirite, relans gouvènmans, òganizasyon eleksyon ak repons ijan imanitè.
Selon plan sila ki ap koute 1.3 milya dola ameriken, 908,2 milyon dola ap rezève pou pote repons imanitè (asiste moun ki deplase pou gang ki ap viv nan sitiyasyon difisil).
96 milyon dola ki reprezante 8% nan bidjè a prale pou sekirite, estabilite ak lapè.
104.1 milyon ap destine pou eleksyon lejitim pou remanbre enstitisyon yo epi retabli lapè.
5.1 milyon nan bidjè a prale finanse konsansis politik ak gouvènans.
Sektè jeneral OEA Albert Ramdin, fè konnen plan sila dwe pote bonjan rezilta pou popilasyon ayisyèn nan ki ap soufri lontan.