Pandan mwa jiyè pase a, plis pase 14 prizonye mouri epi plis pase 200 lòt malad nan prizon sivil Jakmèl la, daprè enfòmasyon divès medya ayisyen pataje. Yon lòt bò, yon dizèn ka lanmò siyale nan plizyè prizon nan Gran Sid la, sa ki anonse yon veritab katastwòf sanitè nan mitan sistèm prizon an Ayiti, ki te deja nan yon eta tris piske pa genyen swen sante, dlo potab ak bon jan kondisyon pou prizonye yo. Plizyè òganizasyon k ap defann dwa moun avèti piblikman pandan yo ensiste sou danje sa reprezante, men gouvènman ayisyen an mete koton nan zòrèy li ak zip nan bouch li.
Centre à la UNE