Revokasyon, pou yon dezyèm fwa, Normil Rameau nan tèt Polis Nasyonal Ayiti kòm Direktè Jeneral, pa pote okenn souf nouvo nan estrikti sekirite peyi a. Sa pa gen anyen pou wè ak yon estrateji pwofesyonèl pou ranfòse lapolis oswa pou soulaje popilasyon an anba chay vyolans ak ensekirite. Okontrè, li antre byen dwat nan lojik machandaj politik kote chak gouvènman monte ak ekip pa yo pou sèvi enterè mèt yo olye pou sèvi enterè peyi a. Nan peyi kote pouvwa se yon machann priyorite pèsonèl, chanjman nan tèt lapolis tounen yon zouti negosyasyon ant clan politik yo, olye yon mwayen pou rebati enstitisyon an sou baz merit ak vizyon.
Nan jounal Centre à la Une, nou pa etone ditou de chanjman sa a. Tout moun konnen se Fritz Alphonse Jean ki te fè tout presyon pou bloke premye tantativ revokasyon Normil Rameau, paske premye minis Alix Didier Fils-Aimé te deja fèmen pòt pou nenpòt kolaborasyon serye ak DG la. Men ak enstalasyon Laurent Saint Cyr kòm nouvo kòdonatè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, tablo a chanje nèt. Kesyon ap poze sou sa sa vle di pou de gwo sektè prive ki sanble pran kontwòl dirijan politik peyi a : èske se yon alyans pèmanan pou jere pouvwa a ant yo menm, oswa se yon nouvo fòm rivalite anndan sistèm nan?
Nonmen Vladimir Paraison kòm nouvo DG lapolis la pa bay okenn asirans de chanjman reyèl. Paraison se yon figi ki fè pati menm sèk la, ki deja t ap evolye nan estrikti an sou Michael Gédéon, Léon Charles, Frantz Elbé ak menm Normil Rameau nan tou de manda li yo. Se menm rezo a, menm ansyen pratik yo, menm modèl jesyon ki toujou chita sou konpwomi ak depandans politik. An reyalite, mouvman sa yo sanble plis ak yon woulman chèz nan menm sal la pase ak yon transfòmasyon estratejik.
Se poutèt sa, nan Centre à la Une, nou wè chanjman sa yo kòm yon senp manèv pou satisfè bezwen pèsonèl ak politik moun k ap dirije a, olye yo t ap chache mete an plas yon plan serye pou soulaje pèp la ki ap monte kalvè chak jou anba menas ensekirite. Lè lapolis tounen yon zouti nan men politisyen ak patwon yo, li pèdi kapasite li pou aji kòm yon fòs endepandan pou pwoteje sitwayen yo. E pandan yo ap chanje non nan tèt enstitisyon an, moun nan lari a kontinye konte mò, konte viktim, epi viv nan laperèz chak jou.
Jean Launy AVRIL, editoryalis Centre à la Une