Daprè kalandriye eskolè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pibliye, ouvèti lekòl pou lane akademik 2025-2026 la fikse pou mèkredi 1e oktòb 2025.

Nan kalandriye sa a, nou kapab note kèk lòt dat enpòtan tankou egzamen ofisyèl yo k ap demare ak Egzamen 9èm Ane Fondamental nan dat 6 pou bout 9 jiyè 2026, Egzamen Fen Etid Segondè nan dat 13 pou bout 17 jiyè 2026. Epi de sesyon bakaloreya pèmanan : 1e sesyon nan dat 15 pou bout 18 desanm 2025 ak dezyèm sesyon nan dat 13 pou bout 17 jiyè 2026.

Nan yon kontèks sosyo-ekonomik ki difisil anpil nan peyi a, melanje ak vyolans gang ame yo ki pa vle bay lekòl la chans pou li fonksyone nòmalman, nouvo kalandriye a vin repouse dat ouvèti lekòl la ki te abitye fèt an septanm, pou pèmèt Leta ak tout ajan edikatif yo, paran yo, gentan fè kèk preparasyon pou yon rantre lekòl ki pi byen reyisi.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841