Nan CSPN li ak Vladimir Paraison lendi 11 Out 2025 lan remye minis Alix Didier renouvle angajman li pou mobilize tout resous nesesè pou restore lòd an Ayiti.
Leta a dwe pwoteje chak grenn sitwayen sou tèritwa ayisyen an. Nou dwe frape riminalite a nan rasin li pou nou ka genyen viktwa sou ensekirite a. Deklare PM Alix.
Premye minis la rapousuiv pou di sekirite piblik a enpòtan anpil pou garanti lapè sosyal, lib sikilasyon moun ak byen epi kreye bon kondisyon pou eleksyon lib, demokratik ak enklizif.
Nouvo DG polis nasyonal la Vladimir Paraison sou bò pa li te genyen yon jounen rich kote li te rankontre ak responsab MSSM nan Godfred Utenge, anbasadè Kanada a Françoi Giroux ak yon delegasyon
« Bureau International Narcotics and Law Enforcement Affairs »