Nan yon entèvyou li bay sèlman ak ajans Reuters 14 Out 2025 lan, responsab konpayi « Vectus Global » la fè konnen, li jwenn yon akò a gouvènman Ayisyen an sou sa. Antrepriz sa ki espesyalize nan retabli sekirite nan peyi danjere, gen misyon pou batay kont gang kriminèl yo an Ayiti.

Erik Prince ki pa di konbyen kòb leta Ayisyen peye l, fè konnen pandan anviwon yon lane, yo ta dwe batay pou pran kontwòl wout prensipal ak teritwa gang yo pran yo.

Daprè sa espesyalis nan sekirite a di Reuters, depi sitiyasyon sekirite a stab, antrepriz li a ta dwe enplike nan mete kanpe yon pwogram ki vize takse tout machandiz kap enpòte atravè fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn.

« Vectus Global » ki kòmanse opere Ayiti depi mwa Mas pase a, deja deplwaye plizyè dwonn, an koòdinasyon ak yon gwoup travay Premye minis lan ap dirije. Yon sous di ajans Reuters, operasyon kont gang yo pral ranfòse nan semèn kap vini la, kote yo pral deplwaye plizyè santèn konbatan ki se espesyalis nan tire epi nan ransèyman ak kominikasyon, ki soti Etazini, an Ewòp ak Salvador. Yo ta dwe itilize bato ak elikoptè pandan operasyon yo

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841