Ansyen senatè Nenel Cassy jwenn liberasyon l, madi 19 dawout 2025 lan, aprè komisè gouvènman Pòtoprens lan Frantz Monclair fin tande li. Nenel Cassy libere aprè 17 jou ; li te fèmen nan DCPJ aprè yon avi rechèch pou plizyè chèf akizasyon.
Polis Nasyonal Ayiti (PNH) atravè Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) te arete Nenel Cassy samdi 2 dawout pase a nan Petyon-Vil, pou konplo kont sekirite entèn Leta, finansman òganizasyon kriminèl, konplisite nan asasina ak asosiyasyon malfektè, se pami fè yo te repwoche ansyen senatè depatman Nip lan Nenel Cassy.
Ansyen manm Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) a te genyen yon avi rechèch kont li depi 18 fevriye 2025. Nenel Cassy libere pandan ansyen depite Prophane Victor ak ansyèn direktris SNGRS Magalie Habitant toujou dèyè bawo pou prezime lyen yo avèk gang ame.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE