Nan yon piblikasyon « Misyon Etazini nan Nasyonzini » fè jedi 28 dawout 2025 la, Etazini anonse yo re-angaje yo bò kote pèp Ayisyen an, epi yo pral travay ak kominote entènasyonal la pou reyalize pwogrè ann Ayiti.

Responsab yo fè konnen Etazini kanpe bò kote pèp Ayisyen an nan demand yo pou yon avni ki chaje ak sekirite, epi ki estab pou peyi a. Pi lwen, yo di jounen jedi 28 dawout la Etazini ak Panama pataje ak Konsèy Sekirite Nasyonzini an yon pwojè rezolisyon ki vize konbat vyolans k ap ogmante ann Ayiti.

Yo fè konnen pwojè rezolisyon sa a vize « etablisman yon gwo fòs pou siprime gang yo, ak yon biwo sipò Nasyonzini pou bay sipò lojistik pou efò ki fèt sou teren an. »

Finalman, Etazini fè konnen li rete angaje pou li travay avèk kominote entènasyonal la pou yo reyalize pwogrè ann Ayiti, epi pou yo mande manm Konsèy yo pou yo pran mezi konkrè pou sipòte efò sa a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841