Konseye-Prezidan Frinel Joseph te resevwa, jounen madi 2 septanm 2025 lan, dokiman ki reprezante rapò reyinyon ak konferans Tab Sektoryèl sou Sekirite a (TSS), ki fonksyone sou direksyon Sant Analiz ak Rechèch sou Dwa Moun lan (CARDH). Seremoni sila a te dewoule nan otèl Karibe nan Petyonvil.

TSS la te tou prezante yon kopi dokiman ki gen rapò ak premye seri reyinyon li yo, bay reprezantan Fòs lòd yo ak patnè li yo sou kesyon ensekirite nan peyi a : Polis nasyonal la, Fòs Lame a, Misyon miltinasyonal pou Sekirite a, Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun lan (HCDH), Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti an (BINUH) ak Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA).

Nan okazyon sila a, Konseye-Prezidan Frinel Joseph fè konnen dokiman TSS la reflete doleyans sosyete sivil la. Konsèy Prezidansyèl la pral chita pou itilize ide ki soti nan dokiman an pou ranfòse estrateji ak detèminasyon Leta a nan goumen pou tabli Lapè nan peyi a pou li ka rive òganize bon jan eleksyon.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841