Se pa tout lè piman an pike nan bouch e pete nawè zye n. Metafò sa, se imaj ki pi klè pou dekri modèl politisyen ann Ayiti. Yon fwa yo pran pouvwa, tout pawòl, tout diskou, tout ideyoloji yo te konn sèvi pou monte, vin san sans. Gòch, dwat, anti-enperyalis, anti-ameriken, anti-Kanada, anti-Lafrans, tout sa se te zouti pou bati kapital politik. Men koulye a, yo tout sou pewòl, anba kontwòl, baboukèt sou bouch yo, yo pa ka repete menm pawòl yo te konn sèvi pou pran lari.

Silans sa a, se pa yon silans senp, se yon silans trayizon. Li revele aklè vrè vizaj yo: pa moun ki te vle defann pèp la, men ipokrit ki t ap jwe ak santiman popilasyon an pou rive nan chèz pouvwa. Jodi a, pandan pèp la ap dòmi nan raje, pandan kay ap boule, pandan lekòl pa fonksyone, pandan lopital ap pran flanm, pandan masak ap fèt chak semèn, yo pa gen yon sèl pawòl pou di. Yo chwazi konfò chèz, yo chwazi bèl machin, yo chwazi konvenyans diplomatik olye yo chwazi pèp yo te di yo t ap defann.

Lè nou gade byen, nou konprann: se pa anti-enperyalis yo te ye, se pa anti-Ameriken yo te ye, se pa defansè pèp la yo te ye. Yo te anti-pèp depi nan kòmansman. Paske yon moun ki vrèman kanpe bò kote pèp pa janm ka fè silans devan masak, devan inyorans, devan grangou ak destriksyon. Silans yo se pi gwo prèv trayizon yo.

Peyi a pa bezwen plis pawòl chaje ak gwo konsèp ki vin tounen vid. Li bezwen moun ki mete kò ak nanm yo nan batay pou lavi, pou jistis, pou devlopman, pou diyite pèp la. Tout rès se piman ki pa pike ankò, se mask ki tonbe pou montre figi vre yo: figi ipokrizi ak trayi.

Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar