An Ayiti jodi a, mizik pa sèlman plezi oswa ekspresyon atistik. Li vin tounen yon zouti estratejik nan men chef gang yo. Nan mouvman tankou Drill, ki chaje ak mesaj vyolans, dominasyon, ak tirani, mizik vin sèvi kòm yon kanal pou enplante yon kilti vyolans nan lespri jèn gason ki vin “solda” yo.

Mizik nan mannyè senp se konpozisyon divès son ki tabli melodi sou divès fòm pou byennèt lòm, sepandan mizik pa sèlman yon plezi, li se yon eleman ki gen gwo efè sou konpòtman nou, ki amelyore emosyon, memwa, ak estimile sèvo. kidonk mizik gen gwo enpak sou sèvo moun, e lasyans deja montre plizyè efè aklè, notamman Aniruddh D. Patel atravè yon travay sou koneksyon ant mizik, lang ak fonksyon koyitif.

Menm jan ak enstitisyon sosyal yo mizik gen yon enpòtans kapital paske li se yon kanal pètinan ki pèmèt enstitisyon sosyal yo atenn sèvo jèn yo, yon fason pou pi byen kalibre yo. Sepandan nan mizik gen diferan tandans e tout tandans yo pa fòseman veyikile mesaj enstriktif ak byenveyan, e lè sèvo an ap konsome vyolans atravè mizik sa pa lèse l endiferan ni ret san konsekans.

Selon Anderson, C. A., Carnagey, N. L., & Eubanks, J. nan yon etid sou mizik sitou sa ki gen mesaj vyolans ladan yo fè konnen estil mizik sa yo tabli divès enpak sou sèvo moun, notamman ; Aktivasyon emosyon fò, Nòmalizasyon vyolans, Enpak sou konpòtman sosyal, Koneksyon ak sistèm dopamin.

Kidonk, nan reyalite Ayiti jodi a, mizik pa sèlman sèvi kòm yon fòm amizman oswa ekspresyon atistik, men li tounen yon zouti estratejik nan men chef gang yo. Nan mouvman mizikal tankou Drill la, ki souvan veyikile mesaj vyolans, dominasyon, ak tirani, yo jwenn yon kanal dirèk pou enplante yon kilti vyolans nan lespri jèn gason ki vin solda yo.

Mizik sa yo pa sèlman chante vyolans, yo ritmikalize li, yo bay li melodi, sa ki pèmèt mesaj yo antre nan sèvo a ak plis fasilite. Pawòl yo, ki chaje ak imaj krim, zam, ak vanjans, aktive emosyon fò nan amygdala a, fè vyolans tounen yon sous eksitasyon olye yon bagay pou evite.

Anplis, atravè repetisyon, mizik sa yo kontribye nan yon nòmalizasyon vyolans tankou krim, vòl, vyòl, asasina, piye, parèt tankou yon fòm bravou oswa idantite sosyal. Jèn yo, ki souvan sòti nan yon anviwònman ki make pa mizè ak eksklizyon, jwenn nan mizik Drill la yon espas kote yo santi yo gen pouvwa, yo rekonèt, e yo vin fè pati yon kominote.

Chef gang tankou ; Izo vilaj de Dye, Chrisla, Jeff gwo lwa, sèvi ak mizik vyolan sa yo tankou yon pedagoji enfòmèl, yon fòm lekòl paralèl ki pa sèlman antrene kò a, men ki fòme lespri a pou aksepte vyolans kòm yon fè nòmal, sou baz yon diskou politik, revandikatif oswa vanjans. Nan sans sa, mizik Drill vin tounen yon zouti sikolojik pou manipile emosyon, santiman, ak estimile dopamin, epi finalman fè sèvo a asosye krim ak plezi.

Se konsa, mizik vyolan yo itilize kòm yon zam ideyolojik, yon zouti pou fabrike yon kilti kote krim pa sèlman tolere, men li vin yon valè, yon senbòl “fòs” ak “respè” andedan gang yo.

Jefferson Bonissant Centre à la une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841