Nan liv La Condition Humaine, André Malraux te ekri yon fraz ki rete kòm yon temwayaj sou ipokrizi politik la: « Les révolutions commencent par l’enthousiasme et finissent par la police. » Pawòl sa yo ka sèvi kòm yon glas pou sa k ap pase jodi a nan depatman Sant, kote politisyen yo plis okipe nan chire pit pase pou yo chèche yon solisyon pou pèp yo sipoze reprezante. Pandan popilasyon Mibalè, Sodo ak lòt vil yo ap viv depi 31 mas anba menas ak laterè, lidè yo ap jwe yon teyat ki plis sanble ak yon batay egoyis pou plas ak vizibilite.
Ansyen depite Abel Descollines, olye l ta poze kesyon esansyèl sou lavi moun k ap dòmi nan raje, pito l ap sèvi ak diskou kòm zouti règleman kont, epi chak pawòl li sanble se pou l regle pwòp afè pèsonèl li. Majistra Lochard Laguerre,bò kote pa li , olye l ta mare tèt ansanm pou mete estrateji kominotè sou pye, chwazi monte sou gwo chwal ego li; li pa wè nesesite konsiliasyon kòm yon zouti pou delivrans kolektif. Nan menm sans lan, delegue Occean Frédéric limite tèt li nan pawòl, nan deklarasyon ki pa janm tounen aksyon, pandan l ap defann yon gouvènman ki repete fo pwomès, tankou yon echofe vwa san mizik. Gregory Chevry, ki te yon fwa prezan, parèt tankou yon fantòm depi lè pwojè similak anjenlou an tonbe anba pye gang yo; silans li se yon fòm demisyon moral ki tradwi absans vizyon.
Sociològ Pierre Bourdieu te di: « Le pouvoir symbolique ne s’exerce que si ceux qui le subissent le reconnaissent. » Lè nou gade sitiyasyon sa, nou wè klèman politisyen depatman an kontinye egzèse pouvwa sou pèp la sèlman paske pèp la, anba presyon, nan silans, kontinye tolere ipokrizi sa yo. Men, èske pèp la dwe kontinye peye pri chire pit ant politisyen yo pandan lavi yo ap fini anba menas zam ak grangou?
Nan listwa, Frantz Fanon te raple nou nan Les Damnés de la Terre: « Chaque génération doit, dans une relative opacité, découvrir sa mission, la remplir ou la trahir. » Nou kapab poze kesyon an konsa: èske jenerasyon politisyen sa yo pa deja trayi misyon yo? Paske, pandan yo ap fè kapital politik sou mizè pèp la, popilasyon Sodo ak Mibalè ap dòmi nan lari, ap viv san lekòl, san lopital, san sekirite. Pèp la sanble abandone nèt, tankou yon pyebwa koupe nan mitan savann, pandan sa yo rele “elit lokal yo” ap chache plas sou tablo pouvwa a.
Verite a senp: lidè politik depatman an te dwe yon poto mitan pou defann enterè moun ki voye l yo. Men, olye yo sèvi ak misyon sa, yo fè l tounen yon mache politisyen, chak moun ap tire toya youn sou lòt, pandan pèp la ap viv nan imiliasyon, desepsyon ak endiyasyon. Sa raple nou pawòl filozòf Michel Foucault ki te di: « Là où il y a pouvoir, il y a résistance. » Kesyon an se: kilè pèp la ap deside reziste kont politisyen ki kontinye fè kapital sou doulè yo?
Ekri pa: Jean Launy AVRIL, nan ribrik kritik.