Nan yon lèt publik li ekri 27 septanm 2025 lan, mèt Charlemagne Michel reponn pou di Inite ki ap lite kont kowipsyon Ayiti ULCC pa gen atribisyon ofisye polis jidisyè menm jan ak DCPJ selon dekrè 13 septanm 2004 la.

Li pa kesyon pou nou ap pratike ilegalite sou baz feblès lajistis men pito nou egzije otorite jidisyè yo aji. Di Mèt Michel nan lèt li a.

Mèt la di li rekonèt konbat kowipsyon se yon nesesite nan moman an pou frennen deriv yo nan peyi a ki sonbre nan enpinite ak kowipsyon, men sa dwe fèt nan limit la lwa fikse ak pwosedi yo. Mèt Michel di li pwofite denonse kèk aksyon direktè ULCC a Hans L. JOSEPH ap fè nan bwat la ki pa kadre ak la lwa.

Mèt Michel ki denonse movèz pratik direktè a ki menase dwa fondamantal yo ki anpyete sou libète fondamantal Ayiti. Li profite lanse yon apèl ak profesyonèl dwa yo ann Ayiti pou bare lawout kont tout eksè pouvwa nan atravè enstisyon piblik yo.

Mèt Michel fini pou egzòte otorite nan pi wo nivo Leta a pou asime responsabilite yo kont tout deriv ki ka antrave bòn mach enstitisyon yo ann Ayiti sitou ULCC ki se yon enstitisyon enpòtan.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841