Biwo ansyen depite sikonskripsyon Mibalè kondane ak tout fòs kanpay latèrè ak entimidasyon ki lakòz anpil san inosan kontinye ap koule nan depatman sant. Biwo ansyen palmantè plato santral la choke apre asasina gwo la jounen pwofesè, militan dwa moun, sitwayen angaje mesye Junior Cherilus nan vil Ench jounen lendi 10 novanm 2025 la.

Biwo ansyen depite Abel Descollines avèti otorite nan la polis, nan la jistis, nan gouvènman, nan KPT, zak asasina pwofesè Junior Cherilus paka rete enpini.

La jistis ak la polis nan depatman sant, nan Ench, nan Mibalè, nan pelig, nan Boukan kare, nan Domon pa dwe kontinye ankouraje enpinite fas ak zak bouwo epi eskadwon lanmò.

Fas ak asasina pwofesè, sitwayen angaje, Junior Cherilus nan vil Ench jounen lendi 10 novanm 2025 la, direktè depatmantal polis sant la misye Makendy Jacques dwe asime reskonsabilite l . Respè etik ak deontoloji la polis la oblije DDC Makendy Jacques voye rapò bay siperyè irachik li pou tout moun ka konnen eske se nan yon entèvansyon la polis Junior Cherilus asasinen oubyen di aklè si se eskadwon lanmò ki touye Junior Cherilus jan anpil moun ap repete nan popilasyon Enchwaz la.

Junior Cherilus pat yon bandi ni yon delenkan ki pa respekte la lwa peyi l. Se te yon responsab inivèsitè, yon sitwayen angaje, yon reskonsab asosiyasyon. Devan zak asasina sa KPT, Gouvènman , ministè interyè, ministè ledikasyon nasyonal, OPC, òganizasyon dwa moun, paka fèmen je, paka fèmen bouch sou zak sila a ki plonje depatman sant ak vil Ench nan gwo pwoblèm.

Biwo ansyen palmantè plato santral la pa rive konprann poukisa plisyè tan apre asasina pwofesè Junior Cherilus pagen anyen ki di bò kote mouvman politik ki gen sou kontwol li delegasyon depatmantal sant ? Biwo ansyen depite Mibalè paka konprann poukisa bouwo, prezime kriminel, swa ki konplis ak gang nan anvayi sodo ak Mibalè, swa ki bese tèt devan aksyon gang, se sou inosan ak sitwayen kap revandike yap tire kout bal ?

Biwo ansyen depite Abel Descollines ap fini pou mande otorite leta yo pran tout mezi ki nesesè pou anpeche eskadwon lanmò pa kontinye fè nan mitan popilasyon depatman sant ki deja nan mizè nwa ak imilyasyon anba vyolans gang ak zam.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841