Òganizasyon kominotè EPASI—Éveil Patriotique d’Action Sociale et Intellectuelle (Evèy Patriotik Aksyon Sosyal ak Entèlektyèl)—ki se yon estrikti san bi likratif, te fè lansman ofisyèl li 18 novanm 2025 nan Jaden Gizli, Petyonvil, an prezans plizyè medya.
Chwa dat la pat fèt o aza. 18 novanm se yon jounen istorik pou pèp ayisyen an, kòm li make komemorasyon Batay Vètyè, yon moman ki senbolize rezistans, kouraj ak lespwa pou yon Ayiti pi jis.
EPASI, rasanble yon gwoup jèn etidyan ki sòti nan plizyè inivèsite tankou ; CEDI, Kiskeya, UP, IHECE, UEH, pou n site kèk. Gwoup sa a mete tèt ansanm atravè yon estrikti òganize, ak objektif pou reponn ak mank enplikasyon sosyal jèn yo nan moman peyi a ap travèse youn nan peryòd ki pi difisil pou li istorikman.
« Nap viv yon reyalite sosyo-politik ki fè anpil moun vin wè politik kòm sous pwoblèm. Men nou menm jèn yo, kòm obsèvatè, kòm moun kap aprann, ak reflechi, nou konprann politik la enpòtan. Men li pa dwe fèt nan detriyman kominote a. Politik dwe sèvi moun, e se moun ki dwe fè politik », Wilson-Sydney Joseph, Kowòdonatè EPASI.
Mwen te kontan prezan nan kokenchenn Aktivite sila, epi antank Jèn sa rann mwen fyè lè m wè Jèn parèy mwen kap viv la konprann nesesite ki genyen pou pote kontribisyon pa yo epi Ankouraje lòt jè fè menm bagay la tou kidonk pou mwen slogan òganizasyon an, « Yon jèn, yon Ayiti », se yon apèl pou sansibilizasyon, solidarite ak enplikasyon reyèl jèn yo nan lavi sosyal ak kominotè. Pou Hudson Philogène, youn nan patisipan yo nan lansman an, mesaj la se envitasyon pou jèn yo pran responsabilite pou chanje espas yo.
« EPASI pa sèlman yon apèl pou enplikasyon. Se yon angajman pwofon pou tout jèn ki konprann ke Ayiti pap janm avanse san patisipasyon nou », Shilton Hugues Pierre memoran ekonomi inivèsite Kiskeya.
Misyon EPASI klè :
* Ankouraje enplikasyon jèn yo nan lavi sosyal ak edikatif.
* Ranfòse solidarite nan inivèsite ak nan kominote yo.
* kontribye nan devlopman lokal.
* Kreye yon kolaborasyon ak lòt òganizasyon sosyal pou pote yon chanjman reyèl nan sosyete ayisyèn nan.
* Epi pèmèt entegrasyon epanwisman ak emèjans lajenès.
« Nou vle pote yon lòt vizyon nan lavi nasyonal la. EPASI se yon demach edikatif ak sosyal ki vize enplikasyon ak epanwisman jèn yo »,
Nadège Belchair, Sekretè Jeneral.
Kidonk nan fason sentetik ak lenpid EPASI deklare li pare pou travay, mobilize, epi angaje jèn yo pou yon Ayiti ki baze sou konsyans, solidarite, ak aksyon.
Jefferson Bonissant Centre à la Une