Nan yon nòt (rapèl) piblik ki pote nimewo 0224, REPOSEM, gwoup ki reprezante Sosyete Sivil Mibalè a, mete deyò lendi 01 desanm 2025 la, yo fè gran piblik la konnen yo toujou kenbe pozisyon yo ki se akonpaye Lapolis, Lajistis ak tout fòs k ap lite pou mete sekirite Mibalè ak Sodo, pandan yo fè konnen Mibalè pa pou REPOZEM sèlman, sitwayen yo genyen tout dwa ak libète pou yo chita pale ak gang Viv Ansanm nan pou yon sòti kriz, plizyè mwa depi bandi yo te anvayi Mibalè ak Sodo.

Regwoupman Popilè pou Sekirite Mibalè (REPOSEM) raple kòdinasyon an te pran nesans aprè atak teroris Viv Ansanm yo nan Mibalè nan lannwit 25 pou rive 26 septanm 2023, epi raple yo genyen kòm misyon: Ede Lapolis, Lameri ak Lajistis jere sekirite awondisman Mibalè / Depatman Sant lan.

Responsab yo kontinye pou di malgre tout efò REPOSEM te fè, soti 31 mas pou rive 1e avril 2025 la, vil Mibalè te fini pa tonbe anba men teroris Viv Ansanm yo san okenn efò efikas defansif bò kote lapolis ak la jistis. Sa lakòz Popilasyon #Sodlèz ak #Mibalezyèn nan te viktim de mank volonte leta a ak otorite konsène yo, ki pa te ede REPOSEM nan kad atribisyon li.

REPOSEM fè konnen 8 mwa aprè bandi fin anvayi Sodo ak Mibalè, anpil efò te fèt bò kote pa yo, ak bò kote plizyè lòt sektè pou te goumen, epi eseye reprann kontwòl vil yo. Men malerezman, malgre tout efò sa yo, popilasyon yo pa ko ka retounen lakay li. Yo fè konnen se vre yo konnen kondisyon popilasyon yo ap viv la pa bon ditou, men sitiyasyon sa pa diferan ak sa yo menm ak tout fanmi yo ap viv la tou.

Nan nòt la, kòdinasyon an di anpil nan sòlda REPOSEM yo te tonbe, genyen polisye ki tonbe, genyen sòlda ak kèk sitwayen de bòn volonte ki toujou sou kabann lopital k ap pran swen, gen sa ki paralize, bout ponyèt, bout pye, gen sa ki pèdi zye yo ak lòt manb enpòtan nan kò yo…

Pi lwen, REPOSEM ekri nan nòt la depi plizyè jou gen yon dosye k ap fè anpil deba kit nan sosyete Mibalezyèn nan ak sou rezo sosyal yo ki lye ak: TRÈV, DYALÒG epi NEGOSYASYON ant awondisman Mibalè a ak gang Viv Ansanm.

REPOSEM raple, e n ap site « Mibalè se yon tè eritaj tout pitit li genyen menm dwa ladan l. Nan sans sa a, nou vle tout moun konnen batay pa nou an pa te yon batay pou (glwa) pèsonèl men, se yon batay pou sove diyite ak lonè tout pitit Mibalè ki te toujou vle viv nan lwayote ak la pè.

Poutèt sa, REPOSEM vle enfòme tout pitit Mibalè ki vle antreprann yon pwosesis dyalòg ak mesye ame yo, kapab fè sa avèk tout libète, paske Mibalè se pou tout pitit Mibalè. REPOSEM raple li toujou prè pou asiste tout pitit Mibalè ki vle antreprann kèlkeswa inisyativ ki vize byenèt kominote Mibalezyèn nan.» Se sa responsab yo ekri.

REPOSEM fè konnen pandan misyon li p ap chanje, li ankouraje tout moun ki vle patisipe nan demach pwosesis Dyalòg la, pou yo jwe wòl pa yo nan dezyèm mitan match bosal sa a.

Finalman, REPOSEM anonse li gen pozisyon sa yo: « Nou deside rete swiv, epi kanpe tout aktivite nou yo pou pèmèt negosyatè yo kapab fè sa nan tout kalm yo ak san fwa yo.»

Lakay se lakay, fòk pèp la retounen lakay li san divizyon !

MIBALÈ AVAN TOU _ MIBALÈ POU TOUJOU!

Kowòdinasyon REPOSEM.

N ap note, se foutbòlè entènasyonal Ayisyen Jeff LOUIS ki prezante kòm aktè kle antant lan, aprè li te fin fè plizyè videyo pou mande chèf gang Viv Ansanm yo bay awondisman Mibalè a yon chans pou sitwayen yo retounen al viv lakay yo. San n pa bliye 2 lòt jwè entènasyonal ki se Melchie Daëlle DUMORNAY ak Jonel DÉSIRÉ, pitit natif natal tè Mibalè, mande chèf gang yo yon chans pou Plato Santral.

Èske jan tout seleksyon nasyonal maskilen an ak tout pèp Ayisyen an mande sa a, chèf gang yo deside tout bon vre koute larezon, epi finalman prè pou yo «OUVÈ PEYI A» pou non sèlman favorize jwè yo antre Ayiti, men tou bay aksè ak lib sikilasyon pèp Ayisyen an ?

*Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE*

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841