Yon rankont wo nivo te dewoule madi 2 desanm 2025 nan Primati a ant Premye Minis Ayiti a, Mesye Alix Didier Fils-Aimé, ak Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Son Ekselans Albert R. Ramdin. Nan yon kominike pou laprès, primati fè konnen reyinyon sa a antre nan kad efò gouvènman an pou retabli sekirite, ranfòse enstitisyon yo, epi avanse sou wout òganizasyon eleksyon ki dwe mennen peyi a tounen nan lòd konstitisyonèl la.
Vizit ofisyèl Sekretè Jeneral la fèt nan yon moman kote Leta ap ogmante mobilizasyon li pou konbat ensekirite, fè netwayaj enstitisyonèl, epi prepare kondisyon pou eleksyon yo fèt nan lapè ak transparans.
Pandan sesyon travay la, Premye Minis la te eksplike pwogrè ki déjà fèt nan lit kont ensekirite a, tankou ranfòsman kapasite operasyonèl fòs nasyonal yo ak aplikasyon estrateji ki gen pou objektif netralize gwoup ame yo. Li te mande sipò tout peyi manm OEA yo pou akonpaye ranfòsman Fòs Represyon Gang yo (FRG), yon poto mitan nan plan nasyonal pou retabli sekirite sou tout teritwa a.
Premye Minis la te anonse tou Sekretè Jeneral Ramdin ofisyèl adopsyon ak piblikasyon Dekrè elektoral la, yon etap enpòtan Konsèy Minis la te valide e ki louvri chemen pou lansman pwosesis elektoral la.
An retou, Sekretè Jeneral OEA a te felisite Gouvènman ayisyen an pou mezi sa a li rele «yon pa enpòtan, konkrè ak desizif» pou rive òganize eleksyon kredib, enklizif ak demokratik. Li renouvle angajman Òganizasyon an pou soutni estabilite enstitisyonèl ansanm ak efò Ayiti ap fè pou tabli lapè ak demokrasi.
Premye Minis Fils-Aimé pa t neglije mete aksan sou gravite sitiyasyon imanitè a, kote plizyè kominote ap viv anba presyon vyolans ame ak deteriorasyon kondisyon sosyal yo. Li mande sipò OEA pou mete sou pye pwogram sosyalizasyon, reintegrasyon ak aksyon kominotè ki nesesè pou rebati tisi sosyal la epi kreye kondisyon pou lapè dirab.
Sekretè Jeneral OEA a salye angajman ak efò Gouvènman an nan batay kont ensekirite, estabilizasyon peyi a, ak lanse pwosesis elektoral la. Li renouvle volonte Òganizasyon an pou kontinye kanpe bò kote Ayiti sou plan sekiritè, enstitisyonèl ak imanitè.
Premye Minis la, sou bò pa li, repete detèminasyon Gouvènman an pou òganize eleksyon yo nan pi brèf delè posib, nan yon anviwonnman ki an sekirite, kalm epi ki respekte prensip demokrasi entènasyonal yo.
Rankont sa a make yon nouvo etap nan ranfòsman patenarya estratejik ant Ayiti ak OEA, ak yon objektif komen: retabli sekirite, ankouraje estabilite, epi pèmèt pèp ayisyen an avanse sou wout yon avni demokratik renouvle.