Gen moun ki ap viv lavi yo tankou moun k ap mache nan yon fènwa ki pa janm fini. Ou ba yo yon ti flanm dife pou klere chemen an, men yo vire gade w tankou w ta mete dife nan forè. Yo pa wè limyè a, yo wè sèlman bri flanm nan, epi yo panse se danje w pote ba yo. Konsa, yo rale pòt kè yo, yo fèmen zòrèy yo, e yo kite fènwa a vin zanmi yo.

Men lavi gen pwòp metòd li. Yon jou, wòch yo te panse ki t ap gide yo vin tounen *foswa* yo. Chemen yo te kwè ki pi senp la vin tounen yon twou san fon. Yo glise, yo bite, yo tonbe… Epi se lè yo anba a, nan *frèt* la, yo finalman sonje ti limyè yo te jete yon kout je mepri sou li a.

Epi yo retounen. Yo retounen ak pye ki sal, ak vwa ki ba, ak fason ki pa gen fyète ankò. Yo retounen bò kote flanm yo te rele “dyab” la. Epi, etone yo, yo dekouvri limyè a pat janm tounen kont yo : li jis kontinye klere chemen an, dousman, pasyaman, tankou yon gadò ki te deja konnen jou sa t ap vini.

Verite a, se yon limyè ki pa janm prese. Konsèy ki chita sou bon sans ak larezon se tankou yon lanp ki toujou rete limen sou galri lakay yon moun ki konprann lavi : moun ka pase san yo pa pran li, men lè lannwit vin twò nwa, se la yo toujou tounen. Konsa, moun ki te rele w dyab la vin konprann se pa dife w te pote pou boule yo, men se limyè w te pote pou sòti yo nan fènwa.

Epi ou menm, ou rete la, trankil, ou gade pyès teyat lavi a ak yon souri ki plen bon konprann : pafwa, pou lespri yon moun louvri, li bezwen fè eksperyans twou a pou konprann valè limyè a.

Jean Launy Avril,editoryalis -Centre à la Une /05 desann 2025

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841