Pou premyè fwa nan listwa Koup di Mond, 48 ekip pral patisipe nan tounwa a, ki repati an 12 gwoup. Match yo pral dewoule sòti 11 jen pou rive 19 jiyè 2026 nan Etazini, Meksik ak Kanada.

Men lis ekip yo :

Gwoup A : Meksik, Afrik di Sid, Kore, venkè vwa D match baraj kalifikasyon ewopeyèn (Repiblik tchèk, Dànmak, Masedwàn di Nò, Iland)

Gwoup B : Kanada, venkè vwa A match baraj kalifikasyon ewopeyèn (Bosni-Èzegovin, Itali, Iland di Nò oubyen Peyi de Gal), Kata, Swis

Gwoup C : Brezil, Mawòk, Ayiti, Ekòs

Gwoup D : Etazini, Paragwey, Ostrali, venkè vwa C match baraj kalifikasyon ewopeyèn (Kosovo, Woumani, Eslovaki oubyen Tiki)

Gwoup E : Almay, Kiraso, Kot d’Ivwa, Ekwatè

Gwoup F : Peyi-Ba, Japon, venkè vwa B match baraj kalifikasyon ewopeyèn (Albani, Polòy, Syèd oubyen Ikrèn), Tinizi

Gwoup G : Bèljik, Ejip, Iran, Nouvèl-Zeland

Gwoup H : Espay, Kap-Vè, Arabi Sawoudit, Irigwey

Gwoup I : Frans, Senegal, venkè tounwa entèkontinantal baraj (Bolivi, Irak oubyen Sirinam), Nòvèj

Gwoup J : Ajantin, Aljeri, Otrich, Jòdani

Gwoup K : Pòtigal, venkè tounwa entèkontinantal baraj (RDC, Jamayik oubyen Nouvèl-Kaledoni), Ouzbekistan, Kolonbi

Gwoup L : Angletè, Kwoasi, Gana, Panama.

Prezidan ameriken an Donald Trump te patisipe nan evènman tiraj osò a ki fèt vandredi 5 desanm 2025 la. Li vini premye loreya pri lapè FIFA nan listwa. Dirijan ameriken an resevwa pri a nan men prezidan Federasyon Entènasyonal Foutbòl Amatè a, Gianni Infantino.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841