Nan yon piblikasyon ansyen premye minis Laurent Salvador Lamothe pataje sou rezo sosyal li yo, li fè yon mise-au-point klè sou relasyon li ak ansyen prezidan Michel Joseph Martelly. Daprè deklarasyon li yo, depi 9 jiyè 2021, pa gen okenn lyen ankò—ni pèsonèl ni politik—ant li menm ak Martelly. Lamothe pale de yon separasyon li konsidere kòm “total, definitif, irevokab.”

“Epòk sa a fini depi lontan”

Lamothe fè konnen relasyon li ak Martelly te kòmanse degrade depi 2014, kèk ane aprè li te pran tèt Primati a. Li eksplike yon dam ayisyèn te di li resamman ke li menm ak Martelly te konn fòme “yon bèl ekip”. Se deklarasyon sa ki pouse li mete verite a deyò yon fwa pou tout :

“Mwen pral trè klè : epòk sa a fini depi lontan.”

9 jiyè 2021 : fen total rapò nou

Pou ansyen premye minis la, 9 jiyè 2021, jou ki suiv asasina prezidan Jovenel Moïse la, make pwen san retou a nan relasyon li ak Martelly.

“Depi lè sa a : pa gen ekip, pa gen lyen. Paj la te vire — san okenn retou posib.”

“Lwayote mwen te twòp”

Lamothe deklare li te montre lwayote pandan plizyè ane, men li rekonèt jodi a li te pouse lwayote sa twò lwen, sitou nan yon anviwònman politik li dekri kòm chaje ak manipilasyon epi engratitid.

“Ou pa ka avanse lè pa gen lwayote ankò.”

Yon meyakoulpa piblik ki etone anpil moun.

Nan fen mesaj li a, ansyen premye minis la prezante ekskiz piblik bay popilasyon an pou sipò li te bay Michel Martelly pandan manda prezidansyèl li.

“Avèk rekil, se te pi gwo erè lavi mwen.”

Yon pozisyon ki gen gwo pwa politik

Deklarasyon sa yo se youn nan pi gwo pozisyon piblik Lamothe pran sou ansyen alye li depi li kite Primati a an 2014. Nan yon moman kote ansyen rezo ak alyans politik ki sòti nan epòk Martelly a kontinye gen enfliyans sou dosye peyi a, Lamothe parèt vle trase yon liy definitif ant li menm ak pase politik sa a.

Ak mesaj sa a, ta sanble ansyen premye minis la montre li vle antre nan yon nouvo faz, byen lwen figi ak eritaj politik Martelly, ak yon volonte pou rekonstri pwòp imaj ak pozisyon li nan lavi piblik la.

Jefferson Bonissant Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841