Nan peyi wonda, otorite yo fèmen plizyè milye legliz evanjelik nan kad nouvo règleman Leta mete an aplikasyon depi 2018 sou sekirite, transparans finansye ak kalifikasyon pastè yo. Daprè laprès lokal, jiska 10 000 legliz ta deja fèmen.
Prezidan Paul Kagame, ki pa janm kache opozisyon li kont pwopagasyon legliz evanjelik yo, estime anpil ladan yo pa kontribye nan devlopman peyi a e gen kèk ki sèvi pou twonpe fidèl yo. Nouvo règ yo egzije, pami lòt bagay, pastè yo gen diplòm teyoloji, legliz yo respekte valè nasyonal yo, epi prezante rapò finansye regilye. Sitiyasyon sa a fòse anpil fidèl fè long vwayaj pou jwenn kote pou priye, pandan lidè relijye yo pè represay si yo denonse mezi yo.
« Si sa te depann de mwen, pyès legliz pa t ap louvri pòt yo », raple Kagame