Lame Etazini anonse li pran kontwòl, nan Nò Atlantik, yon bato petwòl ris li t ap swiv depi plizyè semèn.
Fòs ameriken yo pran kontwòl bato petwòl Marinera, ki te rele Bella-1 anvan, pou vyolasyon prezime sanksyon ameriken ki gen rapò ak petwòl venezyelyen. Otorite yo akize bato a kòm yon pati nan sa yo rele “flòt fantòm” Ris la, ki sèvi pou kontoune restriksyon oksidantal yo.
Daprè otorite ameriken yo, yo t ap swiv bato a depi plizyè semèn apre li te eseye ale Venezyela pou chaje petwòl. Operasyon an te mobilize bato patwouy, avyon militè ak fòs espesyal.
🟥 Chanjman idantite ki soulve dout pandan kouswit la, ekipaj la ta chanje paviyon, pentire yon drapo ris sou kò bato a epi rebaptize li Marinera, anrejistre li nan Larisi ak yon pò atachman nan Sotchi yon manèv Washington konsidere kòm pa klè ditou.
🟥 Reyaksyon Moskou Larisi fè konnen li ap suiv dosye a “ak anpil enkyetid”, pandan li denonse sa li rele yon atansyon egzajere sou yon bato ki, daprè li, t ap navige “nan respè strik lwa maritim entènasyonal”, lwen kòt Etazini.
🟥 Yon presedan ki bay kè sote Plizyè lòt bato petwòl ki lye ak komès petwòl venezyelyen ta fè menm kalite chanjman paviyon, sa ki ranfòse sispisyon sou egzistans yon rezo maritim klandesten.
Yon dosye ki gen gwo anje diplomatik, ki mete an limyè tansyon jeyopolitik yo sou sanksyon, enèji ak libète navigasyon.