Dieudonné Larose, chantè lejandè ayisyen an mouri ak 81 lane. Nouvèl la genyen efè yon bonm. Selèb chantè ayisyen an Dieudonné Larose fè gran vwayaj la vandredi 9 janvye 2026 la nan Kanada, aprè yon kansè pwostat, daprè enfòmasyon medya lokal yo releye._

Dieudonné Larose ki se yon lejann nan mizik ayisyèn nan pati kite nou. Li mouri vandredi 9 janvye 2026 la avèk 81 lane. Konpa Dirèk la pèdi yonn nan mizisyen li yo ki genyen plis talan : Dieudonné Larose. Chantè, konpozitè ak aranjè, selèb atis la mouri nan lopital ki nan « Cité-de-la-Santé » nan Laval, Kanada.

Otè tit a siksè « Aksidan », papa prè yon ventèn timoun, Dieudonné Larose ki pran nesans 5 jen 1945 make mizik ayisyèn nan pandan anviwon 48 lane. Pami chanson li yo ki pi selèb yo nou jwenn « Mandela », « Jolie Minou » oubyen ankò « Guerre Mondiale ».

Kite nou raple, Dadou André Pasquet, 72 lane, gitaris epi yon lejann nan mizik ayisyèn nan, te mouri daprè yon piblikasyon fanmi li te fè 23 novanm 2025 la. Selon sa yo te ekri, Dadou Pasquet t ap soufri depi kèk jou a yon maladi. Li te ansyen manm « Tabou Combo » epi li te fonde « Magnum Band » ansanm ak divès lòt kolaboratè li.

Yon lòt bò, definitivman, aprè soup joumou, UNESCO enskri ofisyèlman mizik ayisyen an « KONPA » ki genyen plis pase 60 lane, nan lis <> tout mond lan mèkredi 10 desanm 2025 la. Konsa, KONPA a vin genyen yon idantite pwòp ak kominote ayisyèn nan, epi li vini yon espresyon, tradisyon, rityèl osnon yon konesans atistik k ap transmèt de yon jenerasyon a yon lòt.

Nan entèval mwens pase de mwa, 2 gwo mastondonk nan mizik ayisyèn nan ki se Konpa Dirèk fè vwèl pou peyi san chapo : Dadou André Pasquet ak Dieudonné Larose. Sou rezo sosyal yo, anpil temwayaj ak omaj pou salye memwa gran òm sa, Dieudonné Larose, ki fè de vi li yon konba san kanpe pou denonse vyolans, lagè ak opresyon pèp yo atravè mond lan.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841